Mesye yo pa t manje depi byen lontan. Epi yon jou, Pòl kanpe devan mesye epi li di yo: “Mesye m te di nou pa kite zile Krèt la. Nou te dwe koute m. Lè sa a, nou pa t ap nan tout pwoblèm sa yo epi pèdi tout bagay sa yo. Men kounye a, nou dwe pran kouraj. Pa gen pyès nan nou k ap mouri. Sèman bato a k ap kraze. Yèswa, Bondye m ap sèvi a, Bondye pa m nan, li voye yon anj li pale avè m. Zanj lan di m: Pòl, ou pa bezwen pè! Ou gen pou ou konparèt devan Seza. Epi Bondye fè w pwomès sa a: L ap sove lavi tout moun ki nan bato avè w yo. Alò, mesye, nou pa gen anyen pou nou pè. M fè Bondye konfyans, epi m sèten tout bagay ap pase nan fason anj lan te di m sa a. Men nou pral chwe sou yon zile.”
Li Trav 27
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Trav 27:21-26
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo