Trav 27:1-12

Trav 27:1-12 VKF

Yo te deside fè nou pran bato pou n ale Itali. Yo livre Pòl ansanm ak kèk lòt prizonye bay yon ofisye women yo rele Jiliyis. Se te yon ofisye ki t ap sèvi nan gwoup espesyal Anperè a te genyen. Nou te monte nan yon bato ki te soti lavil Adramit epi ki te dwe pase plizyè kote nan pwovens Lazi a. Epi nou pati. Aristak, moun Tesalonik nan Masedwàn, te ale ansanm ak nou. Nan denmen, nou rive lavil Sidon. Jiliyis te byen trete Pòl epi li te ba li libète pou l al vizite zanmi l yo laba a, kote yo te bay Pòl tout sa l te bezwen. Nou pati kite vil sa a epi nou navige pase toupre zile Chip, paske van an t ap soufle nan yon sans kontrè. Nou travèse lanmè a bò kote Silisi ak Panfili. Lè sa a, nou te vin rive nan yon vil yo rele Mira ki nan peyi Lisi. Se la ofisye lame a jwenn yon bato ki te soti nan lavil Aleksandri pou ale an Itali. Li fè nou monte ladan l. Nou navige lantman pandan plizyè jou. Se te avèk anpil efò nou te rive sou kòt Nid. Men poutèt van an pa t pèmèt nou ale pi lwen, nou te navige pase nan sid zile Krèt ki toupre ak Salmone. Nou navige toupre kòt la, men sa pa t fasil menm. Nou vin rive yon kote yo rele “Bon Pò yo”, toupre lavil Lize. Men nou te pèdi anpil tan epi sa te tounen yon danje pou nou ta kontinye vwayaj la. Jou Jwif yo te konn fè jèn nan te gentan pase. Lè sa a, Pòl bay maren yo yon avètisman. Li di yo: “Mezanmi, mwen rann mwen kont vwayaj la vin mete nou an danje. Nou ka pèdi bato a, ak tout sa ki ladan l, epi nou ka pèdi menm lavi nou tou.” Men ofisye a te mete konfyans li pi plis nan kapitèn nan ansanm ak pwopriyetè bato a pase nan sa Pòl t ap di a. Poutèt zòn s a pa t yon zòn kote yo te kapab pase sezon livè a, pi fò nan mesye yo te deside leve lank pou eseye rive nan yon pò yo rele Feniks. Se te yon pò nan zòn Krèt ki te bay sou Sidwès ak Nòdwès. Se la yo te panse pase sezon livè a.