Trav 22:1-21

Trav 22:1-21 VKF

Pòl di foul la: “Frè m yo, grandèt mwen yo, koute sa m gen pou m di nou, pou m defann tèt mwen.” Lè Jwif yo tande Pòl ap pale avèk yo nan lang Ebre, yo double silans lan, epi Pòl di yo: “Mwen se yon Jwif, ki te fèt nan lavil Tas, nan peyi Silisi. Men se isit la menm, nan vil sa a mwen grandi. Se elèv Gamalyèl mwen te ye. Se li menm ki te anseye m tout bagay konsènan lalwa zansèt nou yo. M te toujou gen anpil zèl pou sèvi Bondye, menm jan sa ye pou nou menm jodi a. Mwen te pèsekite moun ki t ap swiv chemen Kris la. Gen ladan yo yo touye poutèt mwen menm. Mwen te konn mache arete fi kou gason pou mete yo nan prizon. Gran prèt la ansanm ak tout asanble Gran Konsèy lidè Jwif yo kapab sètifye sa m ap di a. Se lidè sa yo menm ki te ban m lèt pou prezante m bay kòlèg Jwif ki nan lavil Damas yo. M t apral Damas pou m al arete disip Jezikris yo, pou m te vin avèk yo nan Jerizalèm pou yo te ka pini yo. Men, te gen yon bagay ki te rive m sou wout pandan m t apral Damas la. Sanzatann konsa, bò midi, yon gwo limyè sot nan syèl la, li klere m toutotou. M sot tonbe atè, epi m tande yon vwa ki di m: Sòl, Sòl, poukisa w ap pèsekite m? Mwen reponn: Ki lès ou ye Senyè? Epi li reponn mwen: Se mwen menm, Jezi, nonm Nazarèt la, w ap pèsekite a. Moun ki t ap vwayaje avè m yo te wè limyè a, men yo pa t tande vwa ki t ap pale avè m nan. Mwen reponn vwa a: Ki sa pou m fè Senyè? Senyè a reponn: Leve, antre nan vil Damas la. Lè w rive la, y a di w tout sa m gentan planifye pou ou, pou w fè. M pa t ka wè anyen, paske gwo limyè a te rann mwen avèg. Se moun ki te avè m yo ki pran men m, yo kondui m antre nan vil Damas la. Yon nonm yo te rele Ananyas te vin kote m. Ananyas sa a, se te yon moun ki te konsakre l bay Bondye epi li t ap swiv lalwa Moyiz la san fot. Sa te fè tout Jwif ki te rete nan zòn nan te bay bon temwanyaj pou li. Ananyas vin kote m, li di m: Sòl, frè m nan, se pou ou wè nan je w ankò! Lamenm, m te wè Ananyas. Ananyas di m: Menm Bondye zansèt nou yo te sèvi a, li te gentan chwazi w depi lontan pou fè w konnen volonte l. Li chwazi w pou l te fè w wè Kris la, sila a ki mache dwat devan l lan epi pou fè w tande pawòl ki soti nan bouch Kris la tou. Paske se ou k ap rann temwanyaj pou li devan tout moun. W ap gen pou w rakonte yo sa w wè ak sa w tande. Kounye a, kisa w ap tann ankò? Leve non, resevwa batèm. Mete konfyans ou nan Kris la pou peche w yo kapab lave. Kèk tan apre, mwen te retounen Jerizalèm. Pandan m t ap priye nan tanp lan, mwen fè yon vizyon. M wè Senyè a parèt devan m, li di m: Prese kite Jerizalèm kounye a menm. Moun Jerizalèm yo p ap aksepte verite temwanyaj w ap bay pou mwen an. Mwen di: Senyè, moun yo konnen trè byen se mwen menm ki te konn ap mache nan sinagòg yo pou pouswiv kwayan yo. Se mwen ki te konn ap arete yo met nan prizon epi bat yo byen bat tou. Menm lè yo t ap touye Etyèn, sila a ki t ap rann temwanyaj pou ou a, moun yo konnen m te la tou. M te dakò menm pou yo touye Etyèn. Se mwen k te siveye manto moun ki t ap touye l yo. Lè sa a, Senyè a di m: Ale non! M ap voye w byen lwen al preche moun ki pa Jwif yo.”