Trav 20:13-27

Trav 20:13-27 VKF

Nou menm, nou te pran devan Pòl pa bato pou al toudwat nan vil Asòs kote nou te gen pou n rankontre ak Pòl. Paske Pòl li menm te deside vini Asòs apye. Lè Pòl rankontre nou nan Asòs, nou pran l nan bato a epi nou pati ale Mitilèn ansanm. Nan landmen, nou kite Mitilèn epi nou pati ale yon kote ki toupre zile Chyo. Yon jou apre, nou pati pou Samòs, epi nan landmen nou rive Milè. Pòl te pran desizyon pou nou pa t kanpe nan Efèz, pou l te ka evite pase twòp tan an Azi. Li t ap prese paske li te vle gentan rive Jerizalèm pou jou Pannkot la si sa ta posib. Men, lè Pòl rive nan Milè, li voye chache lidè ki responsab nan legliz Efèz yo pou yo vin kote l. Lè yo vini, Pòl di yo konsa: “Nou tout nou konnen kijan m te toujou mennen bak mwen byen nan mitan nou depi jou m te rive an Azi a. Jwif yo t ap fè konplo kont mwen, epi sa te mete m nan sitiyasyon difisil. Men nou konnen m te toujou ap sèvi Senyè a, menmsi gen kèk fwa se ak dlo nan je. M te toujou fè tout sa avèk anpil imilite. M te toujou fè tout sa ki bon pou nou. M te toujou anonse nou Bòn Nouvèl la devan tout moun, an piblik, epi m te anseye nou tout bagay nan kay yo tou. M te toujou egzòte tout moun, Jwif tankou Grèk, pou yo chanje jan y ap viv la epi pou yo tounen vin jwenn Bondye. M te toujou mande yo pou yo mete konfyans yo nan Jezi, Senyè nou an. Men, kounye a, Sentespri a ap ankouraje m pou m al Jerizalèm. M pa konnen sa k pra l rive m lòtbò a ditou. Sèl sa m konnen, nan chak vil mwen pase, Sentespri a avèti m anpil soufrans ak menm prizon ap tann mwen la. Men, pou mwen menm, m pa gade lavi m tankou yon bagay enpòtan pou m chache pwoteje. Sa k pi enpòtan pou mwen se pou m fè travay Senyè Jezi banm fè a, pou m anonse Bòn Nouvèl konsènan gras Bondye ap ofri moun nan. Kounye a, koute byen sa m ap di nou. M konnen okenn nan nou la a p ap janm wè m ankò. Pandan tout tan m te nan mitan nou an, m te toujou preche nou mesaj konsènan wayòm Bondye a. Se poutèt sa m ap di nou yon bagay jodi a mwen sèten sou li: Bondye p ap ban m pote okenn responsabilite si youn nan nou peri. M kapab di sa, paske mwen te anonse nou tout verite Bondye te vle m fè nou konnen, san m pa kache nou anyen.