Trav 20:1-12

Trav 20:1-12 VKF

Lè ajitasyon yo te sispann, Pòl mande pou l wè ak kwayan yo. Apre l fin ankouraje yo, li di yo orevwa epi l pati pou Masedwàn. Li te fòtifye kwayan yo ak anpil pawòl ankourajman nan tout rejyon Masedwàn nan, apre sa l ale nan peyi Lagrès. Apre l te fin pase twa mwa nan peyi Lagrès, Pòl te gentan pare pou l pran batiman pou l al nan peyi Siri. Men, lè l vin konnen te gen kèk Jwif ki t ap planifye yon konplo kont li, Pòl chanje plan an, li retounen pase pa Masedwàn. Men non moun ki te akonpanye Pòl nan vwayaj la: Sopatè, pitit gason Piris la, moun lavil Bere; Aristak ak Sekoundous ki te soti nan vil Tesalonik; Gayis ki te soti nan lavil Dèb; Timote; epi de lòt moun, Tichik ak Twofim ki te soti an Azi. Tout ekip sa a te pran devan, y al tann Pòl nan vil Twoas. Apre fèt Pen san ledven an, nou pran bato nan vil Filip. Sou senk jou, nou rive jwenn mesye yo Twoas epi nou pase sèt jou la. Nan dimanch, nou tout te reyini pou n manje pen an ansanm, epi Pòl t ap pale ak gwoup la. Kòm li te gen pou l pati nan demen, Pòl pwolonje diskou l la jiska minui. Nou tout te reyini ansanm nan yon chanm anlè chanmòt kay la epi te gen anpil lanp limen pou klere chanm nan. Yon jenn gason yo te rele Etikis te chita arebò fenèt la. Kòm mesaj Pòl la te long anpil, Etikis pran kabicha. Finalman, pandan Etikis nan yon pwofon somèy, li sot nan twazyèm etaj kay la, li tonbe anba. Lè moun yo kouri vini pou ede l leve, yo jwenn li mouri frèt. Lè sa a, Pòl desann, li bese bò kot kadav Etikis la, li pran kadav la nan bra li, epi l di: “Nou pa bezwen fatige kò nou, paske li vivan.” Lè Pòl retounen monte, li kase pen an epi li manje. Apre sa, li kontinye pale lontan ak moun yo toujou. Li te gentan prèske fin jou lè Pòl fin pale ak yo, apre sa l ale. Kwayan yo menm mennen Etikis lakay li byen vivan. Se te yon gwo ankourajman pou tout moun.