Konsa, disip yo wè yon bann bagay ki tankou ti flanm dife ki te detache youn ak lòt epi y al chita youn pa youn sou tèt chak moun ki te la yo. Yo tout te ranpli ak Sentespri a epi yo te tonbe pale tout kalite lòt lang, selon jan Sentespri te ba yo abilite pou pale ak moun ki te nan Jerizalèm yo. Nan moman sa a, te gen anpil Jwif ki gen krentif pou Bondye ki te prezan nan Jerizalèm. Yo te soti nan tout kalite peyi sou latè. Bri ki te fèt la te fè yon gwo foul moun rasanble. Moun sa yo pa t manke sezi lè chak moun te tande disip yo ap pale ak yo nan pwòp lang peyi pa yo. Foul la tèlman sezi, tèlman etone, yo mande: “Tout moun sa yo n ap tande k ap pale a, se pa moun Galile yo tout ye? Ki jan nou fè tande y ap pale nan pwòp lang pa nou?
Li Trav 2
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Trav 2:3-8
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo