Apre sa, Pyè ansanm ak lòt onz apot yo leve kanpe. Pyè pale byen fò ak foul la, li di yo: “Nou menm Jwif parèy mwen ansanm ak tout lòt moun Jerizalèm, koute sa m ap di nou. Gen kèk bagay nou bezwen konnen. Koute byen sa m ap di nou ankò. Moun sa yo pa sou, jan nou panse a, se nevè dimaten li ye sèlman. Pwofèt Jowèl te gentan ekri konsènan sa nou wè k ap pase a deja. Men sa li te ekri: Bondye di: Nan dènye tan yo, men sa k pral rive: M ap vide Lespri m sou tout moun sou latè. Pitit gason nou yo ak pitit fi nou yo pral pwofetize. Jenn gason nou yo va fè vizyon. Granmoun nou yo va fè rèv. Nan dènye tan yo, m ap vide Lespri m sou sèvitè m yo ak sou sèvant mwen yo epi yo tout ap pwofetize.
Li Trav 2
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Trav 2:14-18
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo