Trav 16:16-24

Trav 16:16-24 VKF

Yon jou, pandan nou t apral kote moun yo konn lapriyè a, nou rankontre ak yon jenn fi ki te yon esklav. Jenn fi sa a te gen yon move lespri sou li ki te fè l konn predi bagay ki gen pou rive pita. Sa te rapòte mesye ki te mèt li yo anpil lajan. Jenn fi a tonbe swiv Pòl ansanm avèk nou. Tout tan l ap swiv nou an, l ap rele byen fò, l ap di: “Mesye sa yo se sèvitè Bondye ki anwo nan syèl la yo ye. Y ap fè nou konnen kijan pou nou vin sove.” Li fè sa pandan plizyè jou. Sa jenn fi a t ap fè a te nui Pòl. Sa fè yon jou, Pòl vire, li di lespri a: “Nan non Jezikris, mwen pase w lòd, soti sou jenn fi a.” Menm lè a, lespri a soti sou li. Lè mesye yo ki te mèt ti jenn fi a wè sa k pase a, yo konprann yo p ap ka sèvi avè l ankò pou fè lajan. Konsa, yo mete men sou Pòl ak Silas, yo trennen yo al sou plas piblik la pou fè yo parèt devan majistra yo. Yo mennen Pòl ak Silas devan majistra Women yo, epi yo di: “Mesye sa yo se yon kolonn Jwif ki vin ap kreye dezòd nan vil nou an. Y ap plede montre moun yo yon bann bagay lalwa nou an pa pèmèt nou fè, paske nou menm se Women nou ye.” Tout foul la nèt te vire kont Pòl ak Silas. Konsa, Chèf Women yo chire rad sou Pòl ak Silas epi yo bay lòd pou yo bat yo byen bat ak fwèt. Apre yo fin bat Pòl ak Silas byen bat, yo fèmen yo nan prizon. Apre sa, yo mande chèf prizon an pou l veye mesye yo byen. Fini l fin resevwa lòd la, chèf prizon an mete Pòl ak Silas nan yon kacho ki jouk nan fon prizon an, epi li mete pye yo nan yon sèp an bwa.