Pòl te pati al nan vil Dèb ak nan vil List. Te gen yon kwayan ki te rete nan vil Lis la yo te rele Timote. Manman Timote se te yon Jwif ki te kwè nan Kris tou epi papa l menm te yon Grèk, sa vle di yon moun ki soti nan peyi Lagrès. Kwayan ki t ap viv nan List ak nan Ikòn yo te rann bon temwanyaj pou li. Pòl te vle pran Timote pou fè vwayaj la ak li. Men anvan l te fè sa, li te sikonsi Timote, paske tout Jwif nan peyi a te konnen papa Timote se te Grèk. Pandan vwayaj la, Pòl ak ekip li a te anonse desizyon apot yo ak lidè yo te pran nan Jerizalèm nan, nan tout vil yo. Yo mande tout moun yo pou yo respekte desizyon sa yo. Sa te fè legliz yo t ap vin pi djanm nan lafwa yo epi kantite kwayan yo t ap ogmante pi plis chak jou.
Li Trav 16
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Trav 16:1-5
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo