Bondye ki bay plantè a grenn pou l simen ak pen pou l manje, va ba nou semans nou bezwen. La fè bonte nou grandi epi donnen tout kalite bon fwi. Bondye ap fè nou rich nan tout fason pou nou ka toujou laj nan jan nou bay. Anpil moun pral di Bondye mèsi pou don ou ba nou pote pou yo. Ofrann nou bay la, non sèlman pral ede pèp Bondye a ki nan bezwen, men li pral ankouraje anpil moun di Bondye mèsi tou. Ofrann sa a, se yon prèv lafwa. Anpil moun pral di Bondye mèsi poutèt sa. Yo pral glorifye non Bondye paske nou te pataje sa nou genyen ak lòt moun, san yo pa fòse nou. Yo pral glorifye non Bondye poutèt fidelite nou nan obeyisans Bòn Nouvèl la. Epi lè y ap priye pou nou, y ap fè l ak anpil afeksyon poutèt favè nou pa t merite nou jwenn nan Bondye. Remèsiman pou Bondye, pou don li ki se yon mèvèy nou pa ka menm dekri l!
Li 2 Kor 9
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 2 Kor 9:10-15
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo