Kounye a, frè m ak sè m yo, mwen ta renmen fè nou konnen kisa gras Bondye fè nan legliz Masedwàn yo. Kretyen sa yo pase anba anpil afliksyon, epi yo pa moun ki gen lajan. Men yo gen yon jwa k ap debòde ki lakòz yo laj nan jan yo bay. Mwen temwen, kretyen sa yo bay selon posibilite yo, epi yo menm depase posibilite yo. Yo fè tout sa ak pwòp volonte yo. Yo ensiste anpil pou nou ba yo privilèj pou yo patisipe nan voye yon èd pou pèp Bondye a. Yo bay nan yon fason nou pa t espere: yo bay Bondye tèt yo an premye epi pou nou menm, yo bay lajan yo. Se sa Bondye vle. Konsa, nou mande Tit pou l al fini travay ankourajman li te kòmanse lakay nou an sou kesyon ofrann sa a. Nou rich nan tout bagay: nan lafwa, nan kapasite pou pale byen, nan konesans, nan bòn volonte pou ede lòt moun ak nan lanmou nou genyen pou nou. Konsa, n ap mande pou nou pwofite privilèj patisipasyon nan ofrann sa a pou n manifeste menm richès la.
Li 2 Kor 8
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 2 Kor 8:1-7
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo