Se vre, mennen yon lavi ki fè lwanj pou Bondye, se yon fason pou moun vin rich anpil, paske sa vle di ou vin satisfè ak sa w genyen. Lè nou fèt, nou fèt san anyen. Menm jan an tou, lè n ap kite mond lan, nou p ap pote anyen ak nou. Alò, si nou jwenn dekwa manje ak rad pou nou mete, nou satisfè. Men moun ki vle vin rich, yo foure tèt yo nan tantasyon. Yo vin esklav yon bann lanvi ensanse k ap fè yo fè betiz kont pwòp tèt yo. Bagay sa yo detwi moun epi mennen yo nan lanmò. Lanmou pou lajan lakoz tout kalite move bagay. Gen kèk moun ki gen tan ale byen lwen lafwa, paske yo toujou vle gen plis lajan. Men yo mete pwòp tèt yo nan anpil latwoublay.
Li 1 Tim 6
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 1 Tim 6:6-10
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo