Konsa, jan nou gen tan ap fè l deja, an n kontinye ankouraje youn lòt epi ede youn lòt grandi nan lafwa. Frè m ak sè m yo, nou mande w pou genyen bon jan konsiderasyon pou lidè yo k ap travay nan mitan nou pou Senyè. Yo gen sousi pou nou epi y ap montre nou jan pou nou viv. Se pou nou montre anpil respè ak anpil lanmou pou yo poutèt travay y ap fè nan mitan nou. Se pou nou viv nan lapè youn ak lòt. Frè ak sè m yo, n ap mande ou pou rale zòrèy moun k ap fè parese yo. Ankouraje sa yo k ap viv ak lapèrèz nan kè yo. Ede sa yo ki fèb. Pran pasyans ak moun ki bò kote w. Pa kite pèsonn rann mal pou mal nan mitan nou. Toujou chache fè sa ki byen youn pou lòt, epi pou tout moun. Toujou fè kè ou kontan. Pa janm sispann lapriyè. Di Bondye mèsi pou nenpòt sa k rive. Se kon sa Bondye vle pou viv nan Jezikris. Pa antrave travay Sentespri a. Pa meprize moun k ap di sa Bondye ba yo pou yo di. Men, egzamine tout bagay. Kenbe sa ki bon. Kouri lwen tout sa ki mal. Se pou Bondye fè w vin sen nèt ale. Se pou tout sa ou ye: lespri, nanm epi kò, kapab konsève san repwòch jouktan Jezi Senyè nou an vini. Sila ki rele w la ap fè l paske li fidèl.
Li 1 Tes 5
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 1 Tes 5:11-24
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo