Sa Bondye vle: se pou ou viv yon lavi ki sen. Li vle pou ou evite imoralite seksyèl. Li vle pou nou chak metrize kò nou nan yon fason ki sen epi ki onorab. Pa kite se pasyon lachè ki kontwole lavi nou menm jan ak moun sa yo ki pa konnen Bondye. Piga nou fè frè ak sè nou yo mal oubyen twonpe yo nan zafè seksyèl. Se pa premye fwa n ap di ou sa, men n ap repete l ankò: Bondye ap pini tout moun ki komèt peche sa yo. Bondye pa t rele nou pou n ka pratike bagay ki sal, men pou nou konsakre lavi nou pou nou viv apa pou li. Konsa nenpòt moun ki pase pawòl sa yo anba pye, se pa yon nonm l ap meprize men se Bondye, li menm ki ban nou Sentespri a.
Li 1 Tes 4
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 1 Tes 4:3-8
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo