Nou menm medam, menm jan an tou, se pou n soumèt nou devan mari nou. Konsa, si gen nan yo ki refize kwè nan pawòl Senyè a, yo va rive kwè poutèt jan n ap viv. Nou p ap menm bezwen pale. Mari nou yo ap sèlman wè kalite bon lavi n ap mennen nan respè pou Bondye. Se pa bèl kout peny, anpil bijou, rad chè ki dwe fè nou bèl. Men se yon bèlte anndan nou bezwen. Chache genyen yon karaktè ki dou epi poze. Se sa ki gen valè nan je Bondye epi ki p ap janm pase. Se kon sa medam nan tan lontan ki te kwè nan Bondye yo te konn fè yo bèl. Yo te soumèt devan mari yo. Tankou Sara ki te obeyi Abraram jouk li te rele l: “Mèt mwen.” Nou se pitit fi Sara si nou fè sa ki byen san nou pa pè anyen. Nou menm tou mari, nan lavi nou ak madanm nou, pran swen madanm nou. Mete sa nan tèt nou byen, fi pi frajil pase gason. Respekte yo, paske y ap resevwa kado lavi a menm jan avèk nou. Si nou fè sa, pa gen anyen ki ka bloke priyè nou yo.
Li 1 Pyè 3
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 1 Pyè 3:1-7
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo