Zanmi m yo, genyen anpil fo pwofèt nan mond lan kounye a. Poutèt sa, pa fè tout kalite espri konfyans, men egzamine yo pou nou wè si yo soti nan Bondye. Men kouman nou ka rekonèt Lespri Bondye: Tout Lespri k ap konfese Jezi te devni yon moun, Lespri sa a soti nan Bondye asireman. Men, tout lespri ki pa konfese Jezi konsa, li pa soti nan Bondye, se lespri lènmi Kris la. Nou tande yo di yon lènmi Kris la gen pou vini, li gentan la nan mond lan, kounye a. Pitit mwen yo, nou se moun Bondye, nou gen tan ranpòte laviktwa sou fo pwofèt yo. Paske moun nan ki nan nou an, li pi puisan pase sa ki nan mond lan. Yo menm se nan mond lan yo soti, se poutèt sa y ap pale tankou mond lan epi mond lan koute yo. Nou menm nou soti nan Bondye. Moun ki moun pa Bondye yo ap koute nou, men moun ki pa moun Bondye yo p ap koute nou. Epi se kon sa nou ka distenge Lespri ki anseye verite a ak lespri ki anseye k ap bay manti a.
Li 1 Jan 4
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 1 Jan 4:1-6
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo