Pou nou menm, nou te resevwa kado Sentespri a te ban nou an, kon sa nou tout gen konesans verite a. Si m ekri nou lèt sa a, se pa paske nou pa konnen verite a, se paske nou konnen li; nou konnen tou pyès manti pa ka soti nan verite a. Konsa, kilès k ap bay manti a? Se sila a ki di Jezi se pa Kris la. Sila a ki nye Papa a ak Pitit la. Se li ki lènmi kris la. Nenpòt moun ki pa kwè nan pitit la, li pa genyen Papa a non plis; sila a ki kwè nan Pitit la, li genyen Papa a tou. Se pou nou toujou kenbe ansèyman nou te tande depi nan kòmansman an. Si nou fè sa, n ap toujou rete nan Pitit la epi nan Papa a tou. Epi, men pwomès Pitit la te fè a: lavi etènèl. M ap ekri nou lèt sa a konsènan moun k ap twonpe nou yo. Pitit la te fè n yon kado espesyal. Nou genyen l nan nou. Sa fè nou pa bezwen moun anseye nou anyen. Kado li ban nou an ap anseye nou tout bagay. Se yon veritab kado, li pa pou twonpe. Poutèt sa, kontinye viv nan Kris la, jan kado l la anseye pou fè sa.
Li 1 Jan 2
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 1 Jan 2:20-27
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo