1 Kor 9:13-23

1 Kor 9:13-23 VKF

Èske nou pa konnen moun k ap travay nan tanp, se tanp la ki ba yo manje? Moun k ap prezante sakrifis sou lotèl gen yon pati nan sa ki ofri sou lotèl la. Se menm bagay pou moun k ap preche levanjil. Senyè a bay lòd pou moun k ap travay kòm predikatè levanjil pou yo viv de travay sa a. Men, mwen pa sèvi ak okenn nan dwa sa yo. Se yon bagay ki fyè de tèt mwen! Konsa mwen p ap ekri lèt sa a pou m reklame okenn dwa. Franchman, mwen ta pito mouri olye pou m ta pèdi sous fyète m sa a. Se pa preche levanjil la non ki fè m fyè de tèt mwen, dayè se devwa mwen m ap fè. Malè avè m, si m ta sispann preche levanjil. Si se te mwen menm ki te chwazi preche levanjil kòm yon travay, lè sa a mwen t ap gen dwa ak yon salè. Men se pa t chwa pa m, se yon misyon Bondye konfye m. Alò, ki salè mwen? Salè mwen se pou m ofri levanjil la gratis, san m pa itilize dwa travay sa ban mwen. Mwen lib! Mwen pa esklav pèsòn! Poutan, mwen konpòte tèt mwen tankou esklav tout moun. Mwen fè l pou m ka ede sove pi plis moun posib. Lè m ak Jwif yo mwen viv tankou Jwif, pou m ka ede sove Jwif yo. Lè m ak moun k ap viv sou lalwa mwen viv kòmsi m te sou lalwa, menmsi an reyalite mwen pa sou lalwa. Mwen fè sa pou m ka ede sove moun ki ap viv sou lalwa. Menm jan an tou, lè mwen avèk moun ki pa konnen lalwa Moyiz la, mwen viv epi fè kòmsi mwen pa t konnen lalwa Moyiz la. Mwen fè sa pou m ka ede sove moun ki pa konnen lalwa Moyiz la. An reyalite mwen anba lalwa Bondye, paske mwen soumèt mwen anba lwa Kris la. Lè m ak moun ki fèb, mwen viv kòmsi m te fèb. Mwen fè sa pou m ka ede sove moun ki fèb. Mwen fè tout sa pou m ka fè konnen bòn nouvèl la. Mwen fè tout sa pou m ka patisipe nan benediksyon levanjil la.