1 Kor 9:1-12

1 Kor 9:1-12 VKF

Kòm nou byen konnen deja, mwen lib pou m fè sa m vle, pa vre? Mwen se yon apot. Mwen wè Jezi Senyè nou an ak de je m. Nou se fwi travay mwen nan Senyè a. Menm si tout lòt moun ta di mwen pa apot men kanta nou menm nou pa ka di sa. Dayè, nou se prèv vivan mwen se apot Senyè a. Men repons mwen bay a tout moun k ap kritike m: Nou gen dwa pou n manje pou n bwè, pa vre? Èske n pa gen dwa pou n ta gen yon sè kwayan kòm madanm, tankou lòt apot yo, tankou frè Senyè yo oswa tankou Pyè? Èske se mwen menm sèl ak Banabas ki dwe fè lòt travay pou nou ka viv? Yon sòlda ki angaje nan lame, èske se li k peye tèt li? Lè yon moun plante yon jaden rezen, se pou l ka jwenn rezen pou l manje, pa vre? Moun k ap pran swen mouton bwè lèt mouton, pa vre? Mwen pa sèlman chita sou koutim lèzòm pou m site egzanp sa yo. Lalwa Moyiz la di menm bagay la. Lalwa Moyiz di: “Pa mete mizo nan bouch bèf la lè l ap travay nan ramase rekòt la.” Lè Bondye di sa, èske se bèf k ap travay ki enterese l? Ditou pa! Se ak nou menm menm li t ap panse. Se nan enterè nou pawòl sa yo te ekri. Swa moun k ap plante a, swa moun k ap rekòlte a, yo toulède gen dwa met espwa yo sou yon ti pati nan rekòt la. Si nou te plante yon semans espirityèl lakay ou, nou gen dwa rekòlte yon ti pati nan byen materyèl ou, pa vre? Si lòt moun gen dwa pou jwenn nou sipòte yo, nou gen plis dwa toujou pase yo. Men nou pa sèvi avè l. Okontrè, nou fè sa nou kapab pou nou pa tounen yon chay pou ou, paske nou pa vle tounen yon obstak pou levanjil Kris la.