1 Kor 16:5-18

1 Kor 16:5-18 VKF

Mwen fè plan pou m pase Masedwàn anvan m vini lakay nou. Mwen ka byen rete pou yon ti tan. Li menm posib mwen ka menm pase tout livè avèk nou. Apre sa nou va ban m mwayen pou m kontinye wout mwen, nenpòt kote m prale. Mwen pa vle annik fè yon ti pase lakay nou epi pou m al lòt kote. Mwen ta vle fè plis tan avèk nou si Senyè a vle. Men, pou kounye a, mwen ap rete Efèz jiska fèt Pannkot la, paske Bondye ouvri devan m kèk pòt opòtinite pou yon ministè ki gran epi efikas. An menm tan tou gen anpil opozisyon. Nenpòt lè Timote vin lakay nou, fè sa nou kapab pou nou mete l alèz. Menm jan avè m, li se yon moun ki angaje l nan travay Senyè a. Mwen pa vle tande okenn moun ta refize ede l. Okontrè ba li tout mwayen ki nesesè pou l ka tounen vin jwenn mwen anpè. M ap tann li ansanm ak lòt frè yo. Kanta Apolòs, frè nou an, malgre tout ankourajman mwen eseye ba li pou l ta vizite nou ansanm ak lòt frè yo, li prefere pa fè l pou kounye a. L ap tann yon lòt opòtinite. Kenbe je nou louvri! Kenbe fèm nan lafwa nou! Se pou ou aji ak kouraj! Fòtifye w! Se pou lanmou anvayi tout sa n ap fè. Nou konnen Estefanas ak fanmi li pami premye moun ki te aksepte Kris nan pwovens Akayi. Yo konsakre lavi yo pou yo sèvi pèp Bondye a. Konsa, sa m ap mande nou, frè m ak sè m yo, swiv direktiv moun konsa, ansanm ak tout lòt moun ki pa fatige pou travay avèk yo. Mwen kontan pou m wè Estefanas, Fortinatis, ak Akayikis. Se vre nou pa la nan prezans mwen, men yo reprezante nou valableman. Yo se gwo sous ankourajman ni pou nou ni pou mwen. Nou dwe montre apresyasyon pou kalite moun konsa.