Kounye a, konsènan ofrann n ap ramase pou pèp Bondye a, m ap mande nou pou nou fè menm jan m mande legliz Galasi yo fè. Chak dimanch, se pou chak moun kontribye ak yon pati nan sa Bondye ba li kòm benediksyon, epi mete l apa nan yon plas espesyal. Fè l kon sa pou nou pa oblije ramase tout ofrann nan yon sèl kou lè m vini. Lè m vini, m ap voye don nou yo Jerizalèm. Se nou menm k ap chwazi moun ki pou pote l. M ap ba yo lèt rekòmandasyon. Epi si se nesesè pou m ale tou, n a vwayaje ansanm.
Li 1 Kor 16
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 1 Kor 16:1-4
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo