Se menm jan an tou l ap ye lè mò yo resisite. Kò ki mete anba tè a tankou yon grenn se yon kò k ap pouri. Men, kò ki resisite a pa kapab pouri. Lè kò a pral anba tè, li pa vo anyen. Men, li gen pou l resisite avèk anpil onè. Kò ki pral anba tè a, se yon kò moun nòmal. Men, kò ki gen pou resisite a, se yon kò transfòme ak pouvwa Sentespri a. Paske, menm jan gen kò natirèl kon sa tou gen kò espirityèl. Jan Bib la di l la: “Premye Adan an, se te yon senp moun ki te resevwa lavi.” Dènye Adan an, ranpli ak Sentespri ki bay lavi. Se pa espirityèl la ki vin an premye, men se natirèl la. Espirityèl vini apre natirèl la. Premye Adan an te soti nan pousyè latè. Dezyèm Adan an soti nan syèl. Tout moun sou latè sanble ak premye nonm nan ki te soti nan pousyè. Tout moun ki pou syèl sanble ak sila a ki soti nan syèl. Menm jan nou te pote menm mak fabrik ak nonm sa ki te soti nan pousyè a, se menm jan tou n ap pote menm mak fabrik ak sila a ki soti nan syèl la.
Li 1 Kor 15
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 1 Kor 15:42-49
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo