1 Kor 15:1-19

1 Kor 15:1-19 VKF

Kounye a frè m ak sè m yo, mwen vle fè nou sonje bòn nouvèl mwen te anonse nou an. Nou te resevwa li. Epi li sèvi fondasyon pou lavi nou. Se ak bòn nouvèl sa a Bondye te sèvi pou sove nou. Se pou nou kontinye kwè nan mesaj sa a. Si se pa sa, lafwa nou pa vo anyen. Mwen te ban nou mesaj la jan m te resevwa l la. Men sa m te di nou, epi se sa yo ki gen plis enpòtans: Kris mouri pou peche nou yo, jan Bib la di l la. Yo te antere l epi li resisite sou twazyèm jou a jan Bib la di l la. Li te parèt devan Pyè. Li te parèt devan douz apot yo. Apre sa, li te parèt an menm tan devan plis pase 500 frè ak sè an Kris. Menmsi kèk ladan yo gen tan mouri, men anpil ladan yo vivan toujou. Nan pi ta apre sa, li te parèt devan Jak ansanm ak tout lòt apot yo. Finalman, li te parèt devan m tou. Mwen diferan, paske mwen tankou yon bebe ki fèt anvan lè. Se mwen menm ki pi pa enpòtan nan tout apot yo. Mwen pa menm merite pou yo ta rele m yon apot paske mwen te pèsekite Legliz Bondye a. Mwen sa m ye jodi a, paske Bondye fè m gras. E gras la pa pèdi, paske mwen travay pi plis pase tout lòt apot yo. (Anreyalite, se pa mwen menm ki travay, se gras Bondye nan mwen k ap fè travay la.) Antouka, kit se mwen ki te anonse nou mesaj bòn nouvèl la, kit se lòt apot yo, se menm mesaj la nou tout ap preche epi se ladan l, ou menm, ou te kwè. Men mesaj nou preche tout moun: Kris leve soti vivan anba lanmò. Kounye a, poukisa gen kèk moun pami nou ki di pa gen rezirèksyon pou mò yo? Si pa gen rezirèksyon pou mò yo, donk Kris pa t janm resisite. E si Kris pa resisite, mesaj nou preche a pa vo anyen. Lafwa ou pa vo anyen nonplis. Nan ka sa a, nou t ap tounen fo temwen paske nou t ap bay manti sou Bondye. Nou di tout moun Bondye resisite Kris la. Men si okenn mò p ap resisite, donk Bondye pa t janm resisite Kris la. Si moun mouri pa resisite, alò Kris la pa t resisite. Si Kris la pa t resisite, lafwa nou pa ta itil anyen. Nou ta toujou esklav peche nou yo. Sila yo ki kwè nan Kris epi ki gen tan mouri, yo ta pèdi ajamè. Si se sèlman pou lavi sou tè sa a nou met espwa nou nan Kris, nou se moun ki pi mizerab sou latè.