Zakari 10

10
Bondye pwomèt vin delivre pèp li a
1Lè sezon prentan rive, mande Senyè a #Det 11.14; Sòm 135.7; Jer 14.22; Eze 34.26 pou l ban nou lapli. Se Senyè a ki fè loray gwonde, ki fè gwo lapli tonbe. Li fè jaden tout moun pouse. 2Moun #Jen 31.19; Jer 23.25; Eze 34.5,6; Aba 2.18 k'ap bat kat yo, se twonpe y'ap twonpe moun. Divinò yo menm, se manti y'ap bay. Rèv yo fè pa vle di anyen. Moun yo mete espwa yo nan bagay ki p'ap janm rive. Moun yo pèdi tèt yo tankou mouton ki pèdi bann. Yo nan traka, paske pa gen chèf pou mennen yo.
3Senyè a #Eze 34.10,17 di ankò:
— Mwen ankòlè sou moun lòt nasyon k'ap gouvènen pèp mwen an. Mwen pral pini yo. Wi, mwen pral pran swen bann mouton m yo, moun fanmi Jida yo. Mwen pral ba yo fòs kouray pou yo sèvi m tankou chwal frengan pou fè lagè. 4M'ap #Sòm 118.22; Eza 22.23 fè anpil ladan yo tounen chèf, kòmandan lame ak sòlda ki gen ladrès pou goumen. Se nan pèp la menm m'ap fè chèf ki pou gouvènen yo sòti. 5Moun pèp Jida yo pral genyen batay la, y'ap tankou sòlda k'ap foule lènmi anba pye yo nan labou nan granchemen. Yo pral goumen, paske Senyè a la avèk yo. Tout lènmi ki sou chwal yo pral wont.
6Mwen #Eza 14.1 pral bay moun fanmi Jida yo fòs.
Mwen pral delivre moun fanmi Jozèf yo.
M'ap fè yo tounen lakay yo paske kè m fè m mal pou yo.
Se va tankou si m pat janm lage yo.
Se Senyè a, Bondye yo a, mwen ye.
M'ap tande lapriyè yo fè nan pye m.
7Moun Efrayim yo pral tankou vanyan sòlda.
Y'ap kontan tankou moun ki anba gwòg.
Pitit pitit yo va chonje sa, y'a fè fèt.
Y'a kontan pou sa Senyè a te fè pou yo.
8Mwen #Eza 5.26; Eze 36.10,11; Oze 1.11 pral rele yo pou m fè yo sanble paske mwen delivre yo.
Yo pral vin peple anpil ankò, jan yo te ye anvan an.
9M'ap #Det 30.1-3; Eze 6.9 gaye yo nan mitan lòt nasyon yo.
Men, y'a toujou chonje m, menm lè yo nan peyi byen lwen.
Y'a viv la ansanm ak pitit yo.
Yon jou, y'a tounen nan peyi yo a.
10M'ap #Eza 11.11; 49.20; Oze 11.11; Mi 7.14 fè yo sòti kite peyi Lejip tounen lakay yo.
M'ap ranmase yo nan peyi Lasiri.
Y'ap tounen vin rete nan peyi Galarad ak nan peyi Liban.
Peyi a pral twò piti pou yo.
11#Eza 11.15; Eze 30.13 pou yo janbe lanmè peyi Lejip la, #10.11: lanmè peyi Lejip la: Osinon dapre tèks ebre a: lanmè kè sere a.
mwen menm, Senyè a, m'a frape dlo lanmè a.
Epi tout kote larivyè Nil ap koule yo pral chèch.
Mwen pral kraze lògèy peyi Lasiri a.
Peyi Lejip pral pèdi pouvwa li.
12Mwen #Mi 4.5 pral bay pèp mwen fòs kouray ankò.
Y'a sèvi m, y'a fè lwanj mwen.
Se Senyè a menm ki di sa!

Chwazi Kounye ya:

Zakari 10: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte