Tit 1:1-16

Tit 1:1-16 HAT98

Mwen menm, Pòl, mwen se sèvitè Bondye, yon apòt Jezikri. Se Bondye menm ki voye m pou m ede moun li chwazi yo rive gen konfyans nan li, pou m fè yo konnen verite a jan n'ap viv li nan sèvis Bondye, pou yo ka gen espwa resevwa lavi ki p'ap janm fini an. Bondye pa janm manti, li te pwomèt lavi sa a depi lontan anvan li te kreye tout bagay. Lè lè li te fikse a rive, li fè nou konnen lavi sa a ak pawòl li, nan mesay li te renmèt mwen pou m fè konnen, dapre lòd Bondye, Sovè nou an, te ban mwen. M'ap ekri ou lèt sa a, Tit, pitit lejitim mwen nan konfyans nou gen ansanm lan. Mwen mande Bondye Papa a ansanm ak Jezikri, Sovè nou an, pou yo ba ou benediksyon ak kè poze. Mwen kite ou zile Krèt pou kapab òganize tou sa ki pa te ankò fin regle. Ou gen pou mete yon gwoup ansyen alatèt legliz ki nan chak vil yo. Sonje sa mwen te di ou: Yon ansyen, se yon moun ki pou san repwòch, ki gen yon sèl madanm. Se pou pitit li yo gen konfyans nan Bondye. Tout moun fèt pou konnen yo pou timoun ki pa nan dezòd, ki pa dezobeyisan. Paske, yon moun k'ap dirije legliz la, se li ki reskonsab travay Bondye a. Se pou li san repwòch. Se pa pou li awogan, ni renmen fè kòlè, ni renmen bwè gwòg. Li pa fèt pou l brital, ni renmen fè lajan nan move kondisyon. Men, se pou l konn resevwa moun lakay li. Se pou l renmen sa ki byen, se pou li konn kenbe tèt li anplas, se pou li san patipri. Se pou l viv apa pou Bondye, pou li konn kontwole tèt li. Se pou l kenbe mesay verite a byen fèm, jan Kris la te bay li a, pou l ka ankouraje lòt yo ak pawòl verite a, pou li ka demanti moun k'ap vire pawòl la lanvè. Paske, gen moun ki rebèl, k'ap mache twonpe moun ak pawòl san sans. Gen anpil jwif konvèti ki konsa nan mitan yo. Se pou nou fèmen bouch moun sa yo. Yo boulvèse anpil fanmi deja ak move bagay y'ap anseye yo. Y'ap fè tou sa, pou yo ka fè lajan nan move kondisyon. Se pwòp pwofèt moun Krèt yo menm ki di: Moun Krèt, moun mantè! Move bèt! Vant sa pa janm plen! Sa li di a, se vre wi. Se poutèt sa, pale sevè ak yo pou yo ka sensè nan konfyans yo, pou yo pa swiv vye istwa jwif yo fè, ni kòmandman ki sòti nan moun ki vire do bay verite a. Pou yon moun k'ap fè volonte Bondye, tout bagay bon. Men, anyen pa bon pou moun k'ap fè sa ki mal, pou moun ki pa gen konfyans nan Bondye, paske lespri yo ak konsyans yo fin pran nan sa ki mal. Y'ap mache di yo konn Bondye. Men, sa y'ap fè a demanti yo. Yo bay degoutans, yo rebèl, yo pa ka fè anyen ki bon.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an