Se konsa, Bòz pran Rit pou madanm li. Senyè a te beni Rit. Rit vin ansent, li fè yon pitit gason. Medam lavil yo di Nawomi konsa: — Lwanj pou Senyè a! Jòdi a li ba ou yon pitit gason ki pral pran swen ou. N'ap lapriyè pou ti gason sa a kite non l nan peyi Izrayèl la. Bèlfi ou la gentan renmen ou. Li fè pou ou sa sèt pitit gason pa ta ka fè. Kounyeya, li ba ou yon pitit pitit ki pral fè ou anvi viv ankò, yon pitit gason ki pral tounen baton vyeyès ou. Nawomi pran ti bebe a, li kenbe l lakay li, li pran swen li tankou pitit li. Medam yo ki rete nan vwazinay la rele ti gason an Obèd. Yo mache di tout moun: Nawomi gen yon lòt pitit gason. Se Obèd sa a ki pita vin gen yon pitit gason yo te rele Izayi, Izayi sa a ki te papa David.
Li Rit 4
Koute Rit 4
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Rit 4:13-17
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo