Rit 4

4
Bòz marye ak Rit
1Bòz ale nan pòtay lavil la, kote moun yo #Rit 3.12; 2 Sam 15.2; Sòm 127.5 konn reyini an, epi li chita. Lè sa a, yon moun vin ap pase. Se te nèg ki te fanmi Elimelèk pi pre pase l la, nonm Bòz t'ap pale Rit la. Bòz rele l, li di l:
— Entèl, vini m pale ou, monchè! Chita non!
Nonm lan al jwenn li, li chita. 2Bòz #Det 25.7; 1 Wa 21.8; Pwo 31.23 fè rele dis nan chèf fanmi lavil la, li fè yo chita la tou. Lè yo fin chita, 3li #Rit 1.22 di nonm ki te fanmi pre Elimelèk la:
— Nawomi tounen sòti nan peyi Mowab. Kounyeya, li ta vle vann jaden ki te pou Elimelèk, fanmi nou an. 4Mwen #Lev 25.25; Jer 32.7,8 kwè se devwa mwen pou m'fè ou konnen sa. Si ou vle achte tè a, ou mèt di sa devan dis mesye chèf ki chita la yo. Paske se ou menm anpremye lalwa rekonnèt dwa sa a. Konsa tou si ou pa vle, ou mèt di sa. Paske, apre ou, se mwen menm ki gen dwa sa a.
Nonm lan di li:
— M'ap achte li.
5#Det 25.5,6; Rit 3.13; 4.10 sa a Bòz reponn li:
— Bon! Mwen byen kontan. Men si ou achte jaden an nan men Nawomi, ou dwe pran Rit tou pou madanm ou, dam peyi Mowab la, vèv pitit Elimelèk la. Konsa non defen an p'ap pèdi epi tè a va rete nan fanmi an.
6#Rit 3.12,13 sa a, nonm lan reponn:
— Si se konsa, mwen p'ap ka achte tè a. Paske, si m achte l, pitit mwen riske pèdi nan sa m'ap kite pou yo a. Ou mèt achte l ou menm. Mwen p'ap fè zafè a ankò.
7Nan #Det 25.7-10 tan sa a, nan peyi Izrayèl, lè yon moun pase dwa li genyen pou achte osinon pou twoke yon tè bay yon lòt moun, men sa yo te konn fè: Moun ki te gendwa a wete yon grenn sapat nan pye l, li bay lòt moun lan li. Se konsa moun Izrayèl yo te konn fè tout moun konnen zafè a te regle nèt.
8Se poutèt sa, lè nonm lan di Bòz ou mèt achte tè a, li wete yon grenn sapat nan pye l, li lonje l bay Bòz. #4.8: li lonje l bay Bòz: Se ansyen vèsyon grèk la ki bay mo sa yo. Nou pa jwenn yo nan tèks ebre a. 9#Rit 1.2,4,5 sa a, Bòz di chèf fanmi yo ak lòt moun yo ki te la a:
— Nou tout nou temwen, pa vre! Jòdi a, yo ban m dwa achte nan men Nawomi tou sa ki te pou Elimelèk ak de pitit gason l yo, Maklon ak Kiljon. 10An #Rit 4.5 menm tan tou, yo ban m dwa pran Rit, vèv Maklon an, pou madanm mwen. Konsa, tè a va rete nan fanmi defen an: Non defen an p'ap pèdi nonplis nan lavil la. N'a sèvi m temwen pou sa ki rive jòdi a.
11Chèf #Jen 29.31—30.24; 35.16-19 yo ak lòt moun yo di l:
— Wi, nou temwen. N'ap lapriyè Senyè a pou madanm sa a, ki pral antre lakay ou a, tankou Rachèl ak Leya ki te fè anpil pitit pou Jakòb, zansèt pèp Izrayèl la. Se pou ou vin rich anpil nan branch fanmi Efrat la. Se pou ou gen bon repitasyon nan lavil Betleyèm. 12Se #Jen 38.29; Rit 4.18; 1 Sam 2.20; 1 Kwo 2.4; Mat 1.3 pou pitit Senyè a va ba ou ak jenn fanm sa a fè lonè fanmi an, menm jan Perèz, pitit gason Jida ak Tama a, te fè l pou fanmi l.
Bòz ak pitit pitit li yo
13Se #Jen 29.31; 33.5 konsa, Bòz pran Rit pou madanm li. Senyè a te beni Rit. Rit vin ansent, li fè yon pitit gason. 14Medam #Rit 2.20; Lik 1.58 lavil yo di Nawomi konsa:
— Lwanj pou Senyè a! Jòdi a li ba ou yon pitit gason ki pral pran swen ou. N'ap lapriyè pou ti gason sa a kite non l nan peyi Izrayèl la. 15Bèlfi #1 Sam 1.8 ou la gentan renmen ou. Li fè pou ou sa sèt pitit gason pa ta ka fè. Kounyeya, li ba ou yon pitit pitit ki pral fè ou anvi viv ankò, yon pitit gason ki pral tounen baton vyeyès ou.
16Nawomi pran ti bebe a, li kenbe l lakay li, li pran swen li tankou pitit li.
17Medam #1 Sam 16.1; Lik 1.59 yo ki rete nan vwazinay la rele ti gason an Obèd. Yo mache di tout moun: Nawomi gen yon lòt pitit gason.
Se Obèd sa a ki pita vin gen yon pitit gason yo te rele Izayi, Izayi sa a ki te papa David.
Zansèt David yo
18Men #1 Kwo 2.4-15; Mat 1.3-6; Lik 3.31-33 non zansèt David yo depi Perèz: Perèz te papa Ezwon, 19Ezwon te papa Ram. Ram te papa Aminadad, 20Aminadad te papa Nachon. Nachon te papa Salmon, 21Salmon te papa Bòz. Bòz te papa Obèd, 22Obèd te papa Izayi, epi Izayi te papa David.

Chwazi Kounye ya:

Rit 4: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an