Rit 3:1-18

Rit 3:1-18 HAT98

Kèk tan apre sa, Nawomi di Rit konsa: — Pa pito m chache yon mari pou ou, pou ou ka viv ak kè poze lakay ou? Ou chonje Bòz, pa vre? Mèt jaden kote ou te ye ansanm ak medam yo? Bon! Ou chonje mwen te di ou se yon fanmi pre nou li ye! Bon. Koute! Aswè a, yo pral vannen lòj yo fin bat yo. Al benyen. Mete odè sou ou, mete pi bèl rad ou sou ou. Epi ale bò glasi a, kote y'ap vannen an. Men, pa kite Bòz konnen ou la. W'a tann li fin manje, li fin bwè diven anvan. Lè sa a, w'a gade byen kote l'al kouche. Lè w'a wè dòmi pran l, ou va ale, w'a leve pwent dra ki kouvri pye l yo, epi w'a kouche kouche ou la, bò kote l. Li menm l'a di ou sa pou ou fè apre sa. Rit reponn li: — M'a fè tou sa ou di m fè. Se konsa Rit leve vre, l'ale bò glasi a, li fè sa bèlmè li te di l fè a. Lè Bòz fin manje, lè li fin pran ti bwason li, li vin yon ti jan ge. L'al kouche bò yon pil pay lòj epi dòmi pote li ale. Lè sa a, Rit pwoche tou dousman, li leve pwent dra ki te kouvri pye li epi li kouche la bò kote li. Nan mitan lannwit, Bòz pantan nan dòmi an. Li leve, li panche epi li sezi wè yon fanm kouche nan pye li. Li mande: — Ki moun sa? Rit reponn li: — Se mwen menm, Rit. Ou se yon fanmi pre nou. Se ou ki reskonsab pou pran swen mwen. Mwen vin jwenn ou. Bòz di l konsa: — Benediksyon Senyè a avè ou, mafi! Sa w'ap fè la a pi konsekan pase tou sa ou te fè pou bèlmè ou la. Sa moutre ou pa sòti pou ou lage fanmi an. Ou ta gendwa al dèyè nenpòt ki jenn gason, rich osinon pòv, pou marye avè ou, men ou pa fè l. Ou pa bezwen bat kò ou, tande. M'ap fè tou sa ou mande m fè pou ou a. Tout moun konnen ou se yon fanm total. Se vre sa ou di a. Mwen se yon fanmi pre nou. Mwen reskonsab ou. Men, gen yon nonm ki fanmi ou pi pre pase m. Ou mèt rete pase nwit lan la. Denmen maten, m'a chache konnen si li vle pran reskonsablite a sou do li. Si li dakò pou li pran li, m'a byen kontan. Si li pa vle, enben mwen sèmante devan Bondye vivan ki nan syèl la, m'ap pran li mwen menm. Koulyeya, rete kouche la jouk denmen maten. Se konsa Rit kouche la nan pye l. Men, anvan bajou kase, li leve pou moun pa wè l, paske Bòz pat vle pèsonn konnen li te la. Bòz di l konsa: — Wete dra ki vlope ou la, louvri l atè a. Rit louvri dra a atè. Bòz vide dis mamit lòj konsa ladan l. Li mare l, epi li ede l mete l sou tèt li. Apre sa, Rit tounen lavil ak pakèt la. Lè li rive lakay li, bèlmè a mande l: — Enben, mafi! Ki jan sa pase? Rit tanmen rakonte l tou sa Bòz fè pou li. Epi li di: — Anvan m'ale, li di mwen konsa mwen pa ka tounen san anyen. Se konsa li ban mwen dis mamit lòj sa a. Nawomi di l: — Kounyeya, Rit mafi, poze kò ou tann pou ou wè jan sa pral pase. Bòz p'ap bay kò l kanpo jòdi a, tout tan li pa regle zafè sa a.