Nou konnen lalwa li menm, se yon bagay ki sòti nan Lespri Bondye. Men, mwen menm, mwen se yon kò ki tou fèb, peche fin anpare m, li fè m tounen esklav li. Lè m fè yon bagay, mwen pa konprann sa m fè a. Paske, sa m ta vle fè a, se pa sa m fè. Epi sa m pa vle fè a, se li mwen fè. Si sa m pat vle fè a se li mwen fè, sa vle di mwen dakò lalwa a bon. Nan kondisyon sa a, se pa mwen ki fè sa ki fèt la, men se peche ki nan mwen an ki fè li. Sa se bagay mwen konnen: Nanpwen anyen ki bon nan mwen, nan tout kò mwen. Mwen di sa, paske menm lè mwen vle fè sa ki byen, mwen pa santi m kapab fè li. Mwen pa fè byen mwen vle fè a, men mwen fè mal mwen pa vle fè a. Epi, si m fè mal mwen pa vle fè a, se pa mwen ki fè l, men se peche ki nan mwen an ki fè li. Pou mwen menm, mwen jwenn lwa sa a nan mwen: lè m vle fè sa ki byen, se sa ki mal ase mwen santi m ka fè. Nan fon kè m, mwen jwenn tout plezi m nan lalwa Bondye a. Men, nan tout kò m, mwen santi yon lòt lwa k'ap goumen ak lalwa mwen renmen an. Lwa sa a kenbe m prizonye anba otorite peche a ki nan tout kò mwen. Ala malere mwen malere, mezanmi! Kilès ki va delivre m anba kò sa a k'ap trennen m nan lanmò?
Li Women 7
Koute Women 7
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Women 7:14-24
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo