Frè m' yo, mwen sèten paske nou konnen lalwa a, nou konn sa m'pral di nou la a: Toutotan yon moun sou tè a, lalwa gen pouvwa sou li. M'ap pran yon egzanp: yon madanm marye gen angajman avèk mari l devan lalwa toutotan mari a vivan. Men, si mari a mouri, madanm lan lib devan lalwa annegad mari a. Si pandan mari a vivan toujou, madanm lan vin fanm yon lòt gason, y'ap rele madanm lan adiltè. Men, si mari a mouri, li lib devan lalwa. Lè sa a, si l vin fanm yon lòt gason, li pa yon adiltè.
Li Women 7
Koute Women 7
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Women 7:1-3
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo