Abraram te gen konfyans nan Bondye, li t'ap tann pwomès la, malgre lè sa a li pat gen okenn rezon pou l te tann ankò. Se sa k fè li tounen zansèt moun anpil nasyon dapre sa Bondye te di l: Pitit pitit ou yo va anpil. Lè sa a, Abraram te vanse gen santan. Men konfyans li pa te febli lè li te wè kò li ap tchoule, epi madanm li Sara pa t'ap ka fè pitit. Non, li pat pèdi konfyans nan Bondye, li pat janm mete nan tèt li pwomès Bondye a te ka pa rive. Okontrè, li te vin gen plis konfyans toujou. Epi li t'ap chante lwanj Bondye. Li te gen fèm konviksyon Bondye te gen pouvwa pou l te fè sa l te pwomèt la. Se konsa, poutèt konfyans Abraram te gen nan Bondye a, Bondye fè l gras.
Li Women 4
Koute Women 4
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Women 4:18-22
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo