Women 3:21-31

Women 3:21-31 HAT98

Men kounyeya, Bondye fè nou wè ki jan li fè moun gras. Lalwa pa gen anyen pou wè nan sa. Se sa liv lalwa a ansanm ak liv pwofèt yo di nou tou. Se lè moun mete konfyans yo nan Jezikri Bondye fè yo gras. Li fè l pou tout moun ki kwè nan Kris la, paske yo tout se menm. Tout moun peche, Bondye ki gen pouvwa a bay yo tout do. Men Bondye ki renmen yo, li fè yo gras. Li fè sa pou yo gratis, gremesi Jezikri ki vin delivre yo. Se li menm, Jezikri, Bondye te destine pou sakrifye. Li bay san li pou tout moun ki mete konfyans yo nan li ka jwenn padon peche yo. Bondye te vle moutre nou kijan li fè nou gras. Nan tan lontan, Bondye te pran pasyans. Li pa te pini peche moun fè. Men kounyeya, li moutre nou ki jan l'ap fè moun gras, paske li fè nou wè se li menm ki gen rezon, anmenmtan l'ap fè tout moun ki kwè nan Jezi yo gras. Bon, nan kondisyon sa a, ki rezon moun genyen pou y'ap fè grandizè? Pa gen pyès rezon. Poukisa? Eske se paske yo fè sa lalwa mande? Non. Se paske yo fè Bondye konfyans. Nou kenbe sa nou di a: se paske yon moun gen konfyans nan Bondye kifè Bondye fè l gras, se pa paske li fè sa lalwa mande. Eske Bondye se Bondye jwif yo sèlman? Eske li pa Bondye moun lòt nasyon yo tou? Men wi, li se Bondye moun lòt nasyon yo tou. Paske se yon sèl Bondye a ki genyen. L'ap fè moun ki sikonsi yo gras paske yo gen konfyans nan li. Konsa tou, l'ap fè moun ki pa sikonsi yo gras paske yo menm tou yo gen konfyans nan li. Bon, jan nou pale la a, eske konfyans nan Bondye fè lalwa pèdi valè li? Non, se lekontrè. Se lè sa a atò nou mete lalwa a nan vrè plas li.