Men kounyeya, Bondye fè nou wè ki jan li fè moun gras. Lalwa pa gen anyen pou wè nan sa. Se sa liv lalwa a ansanm ak liv pwofèt yo di nou tou. Se lè moun mete konfyans yo nan Jezikri Bondye fè yo gras. Li fè l pou tout moun ki kwè nan Kris la, paske yo tout se menm. Tout moun peche, Bondye ki gen pouvwa a bay yo tout do. Men Bondye ki renmen yo, li fè yo gras. Li fè sa pou yo gratis, gremesi Jezikri ki vin delivre yo. Se li menm, Jezikri, Bondye te destine pou sakrifye. Li bay san li pou tout moun ki mete konfyans yo nan li ka jwenn padon peche yo. Bondye te vle moutre nou kijan li fè nou gras. Nan tan lontan, Bondye te pran pasyans. Li pa te pini peche moun fè. Men kounyeya, li moutre nou ki jan l'ap fè moun gras, paske li fè nou wè se li menm ki gen rezon, anmenmtan l'ap fè tout moun ki kwè nan Jezi yo gras.
Li Women 3
Koute Women 3
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Women 3:21-26
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo