Women 3:1-20

Women 3:1-20 HAT98

Nan kondisyon sa a, ki avantaj pou yon moun jwif? Ki itilite sikonsizyon an? Tout jan, li gen anpil avantaj. Pou konmanse, se jwif yo Bondye te mete reskonsab pawòl li yo. Bon, tande non. Si gen ladan yo ki pa kenbe pawòl yo, eske poutèt sa Bondye p'ap kenbe pawòl li tou? O non, se lekontrè. Menm si tout moun ap bay manti, Bondye gen pou fè sa ki pou fèt la rive vre. Se sa menm ki ekri nan Liv la: Se pou yo rekonèt se ou menm ki gen rezon lè w'ap pale. Se ou menm ki pou gen pwosè a lè y'ap jije ou. Men, si lè nou fè sa ki mal, sa fè moun wè pi klè se Bondye ki gen rezon, kisa n'a di lè sa a? Eske poutèt sa lè Bondye pini nou li gen tò? (Eskize m wi, m'ap pale tankou moun.) Men non! Si lè sa a Bondye pa gen rezon, ki jan Bondye va fè pou jije moun? Bon, si lè m bay manti, sa fè verite Bondye a parèt pi klè, si sa sèvi yon lwanj pou Bondye, poukisa pou l ta jije m tankou yon moun ki fè sa ki mal? Poukisa nou pa di pito: Ann fè sa ki mal pou Bondye ka fè plis byen toujou! Gen kèk malpalan ki pretann se sa mwen di. Enben, Bondye ap kondannen moun sa yo, epi la gen rezon. Men, sa sa ye menm? Nou menm jwif, eske nou pi bon pase moun lòt nasyon yo? Non, se pa vre menm. Mwen deja moutre nou sa: tout moun, ou te mèt jwif, ou te mèt pa jwif, tout moun anba pouvwa peche a. Jan sa ekri nan Liv la: Nanpwen moun ki gen rezon devan Bondye. Non, pa menm yon grenn. Yo yonn pa gen konprann. Yo yonn p'ap chache Bondye. Yo tout lage kò yo nan bwa, yo tout pèdi chemen yo. Nanpwen yonn ladan yo k'ap fè sa ki byen. Non, pa menm yon sèl. Bouch yo ou ta di yon kavo ki louvri. Se twonpe y'ap twonpe moun ase ak lang yo. Pawòl nan bouch yo se pwazon, ou ta di venen sèpan aspik. Bouch yo plen madichon ak jouman. Ti krik ti krak, se fè san koule. Kote yo pase se dega, se malè yo kite dèyè. Yo pa konn ki jan pou yo viv byen ak moun. Yo mete nan tèt yo pa gen rezon pou gen krentif Bondye. Nou konnen egzijans lalwa se pou moun ki anba lalwa. Konsa, pa gen eskiz ki pou sòti nan bouch pèsonn: tout moun antò devan Bondye. Se pa paske yon moun fè sa lalwa a mande kifè li inonsan devan Bondye. Poukisa? Paske lalwa annik fè nou konnen sa nou fè a pa bon.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an