Women 11

11
Bondye pa voye Izrayèl jete nèt
1Koulyeya m'ap mande: Eske Bondye voye pèp li #Sòm 94.14; 1 Sam 12.22; Jer 31.37; Fil 3.5 a jete? Men non. Paske mwen menm tou, mwen nan ras pèp Izrayèl la, mwen se pitit pitit Abraram. Mwen soti nan branch fanmi Benjamen. 2Non, #1 Wa 19.10,14 Bondye pa voye pèp li te chwazi davans lan jete. Eske ou pa chonje sa ki ekri nan liv la, kote y'ap rakonte kijan Eli t'ap pote Bondye plent pou pèp Izrayèl la: 3Bondye, yo touye pwofèt yo, yo kraze lotèl ou yo. Se mwen menm sèl ki rete. Men y'ap chache wete lavi m tou? 4Men #1 Wa 19.18 repons Bondye te ba li: Mwen gen sètmilòm ki pa janm met jenou tè devan Baal. 5Konsa #Wòm 9.27 tou, kounyeya, gen yon ti rès Bondye te chwazi nan pèp la, se yon favè li te fè yo. 6Se #Gal 3.18 pa paske yo te fè sa ki byen kifè Bondye te fè yo favè sa a. Men se paske Bondye te vle fè l pou yo. Si se pat konsa, favè Bondye a pa ta yon favè tout bon ankò.
7Bon. #Wòm 9.31 Kisa n'a di kounyeya? Sa pèp Izrayèl la t'ap chache a, li pat jwenn li. Men, moun Bondye te chwazi yo, se yo ase ki jwenn li. Kanta pou lòt yo, yo vin gen tèt di, 8dapre #Eza 29.10; Det 29.4 jan sa te ekri nan Liv la: Bondye te rann lespri yo lou, yo gen je, men yo pa ka wè. Yo gen zòrèy, men yo pa ka tande jouk jòdi a. 9David, #Sòm 69.22,23; 35.8 bò pa l, di tou:
Se pou resèpsyon y'ap fè yo tounen yon senn, yon pèlen pou yo,
pou yo menm yo pran ladan l, pou yo resevwa chatiman yo.
10Se pou je yo bouche pou yo pa wè menm.
Fè yo mache do ba tout tan.
11Kounyeya, m'ap #Det 32.21; Tra 13.46; Wòm 10.19 mande: Lè jwif yo bite, eske yo te tonbe nèt. Men non. Men, lè yo tonbe a, sa penmèt moun lòt nasyon yo rive delivre. Se konsa yo tounen yon jalouzi pou jwif yo. 12Fòt jwif yo fè a tounen yon richès pou tout moun. Tonbe yo tonbe a, sa vin yon gwo benediksyon pou moun lòt nasyon yo. Nou pa bezwen mande ki gwo benediksyon sa va ye lè tout jwif yo va delivre!
Fòt pèp Izrayèl la fè moun lòt nasyon yo rive delivre
13Kounyeya, nou menm moun lòt nasyon yo, mwen gen sa pou m di nou: Se apòt nou mwen ye, se vre. Mwen kontan anpil travay m'ap fè a. 14Men, #1 Tim 4.16 mwen kwè konsa m'a rive eksite jalouzi moun ras mwen yo, pou m ka delivre kèk nan yo. 15Wi. Si lè Bondye te mete jwif yo sou kote, sa te penmèt tout moun sou latè rive vin byen ak Bondye ankò, nou pa bezwen mande kisa k va rive lè jwif yo va tounen vin jwenn favè Bondye? Se va lavi pou tout moun ki te mouri yo!
16#Nonb 15.17-21 yo ofri premye moso pen an bay Bondye, tout rès pen an vin pou li tou. Si yo ofri rasin yon pyebwa bay Bondye, tout branch li yo vin pou li tou. 17Pèp #Ef 2.11-19 Izrayèl la tankou yon pye oliv lakou. Yo koupe kèk branch ladan li. Ou menm ki pa jwif la, ou tankou yon pye oliv raje yo grefe sou branch yo koupe yo. Koulyeya, se ou menm k'ap pwofite lèt k'ap nouri pye oliv lakou a. 18Se #Jan 4.22 poutèt sa, pa gonfle kò ou sou branch ki koupe yo. Ki jan ou kapab ap fè grandizè? Pa bliye, se yon senp branch ou ye. Se pa ou k'ap pote rasin lan. Men, se rasin lan k'ap pote ou pito.
19Lè sa a w'a di m: Wi. Men, yo te koupe branch yo pou yo te kapab grefe m nan plas yo? 20Wi. #Wòm 12.16 Se vre sa. Men, yo te koupe yo paske yo pat gen konfyans nan Bondye. Ou menm ou kenbe paske ou gen konfyans nan Bondye. Pa kite lògèy pran tèt ou. Okontrè, se pou ou gen krentif anpil nan kè ou. 21Paske, si jwif yo ki branch pyebwa a menm Bondye pa te al dousman ak yo, se pa avè ou la pral dousman. 22Sa #Jan 15.2,4; Eb 3.14 fè nou wè ki jan Bondye gen bon kè, ki jan li sevè tou. Li sevè pou moun ki tonbe yo, men li bon pou ou menm. Men, se pou ou rete fèm nan renmen Bondye. Si se pa sa, ou menm tou y'a koupe ou tankou lòt branch yo. 23Konsa #2 Kor 3.16 tou, si jwif yo pa pèsiste nan movèz fwa yo, si yo rive gen konfyans, y'ap grefe yo tou kote yo te ye anvan an paske Bondye gen pouvwa grefe yo ankò. 24Ou menm ki pa jwif, ou se yon branch pye oliv raje yo koupe. Atout sa, yo grefe ou sou pye oliv lakou a. Men jwif yo menm, se branch pye oliv lakou a menm yo ye. L'ap pi fasil ankò pou yo grefe yo sou pyebwa pa yo a.
Lè tout moun lòt nasyon yo va fin delivre, pèp Izrayèl la va delivre tou
25Frè m #Lik 21.24; Jan 10.16; Wòm 12.16 yo, mwen vle fè nou konnen sekrè sa a ki vre tout bon, konsa nou p'ap mete nan tèt nou nou gen pi bon konprann pase sa. Men sekrè a: Yon pati nan pèp Izrayèl la rive gen tèt di. Men, se pa pou tout tan. Se va pou jouk tan tout moun lòt nasyon yo va fin delivre. 26Se #Mat 23.39; Sòm 14.7; Eza 59.20; 27.9 konsa tout pèp Izrayèl la va delivre, dapre sa ki ekri nan Liv la:
Moun k'ap wete lèzòm anba esklavaj la,
se nan Siyon l'ap sòti.
L'ap wete tout mechanste pitit pitit Jakòb yo,
voye jete byen lwen.
27Men #Jer 31.33,34; Eza 27.9 kontra mapral pase avèk yo lè m'a wete tout peche yo.
28Jwif yo tounen lènmi Bondye paske yo derefize asepte Bòn Nouvèl la. Men, se te pou byen nou, nou menm moun lòt nasyon yo. Men, Bondye toujou renmen yo poutèt zansèt yo, paske se Bondye menm ki te chwazi yo. 29Sa Bondye fè kado, li bay li nèt. Li p'ap chanje lide lè l fin rele yon moun. 30Nan tan lontan, nou menm moun lòt nasyon yo, nou t'ap dezobeyi Bondye. Men, kounyeya nou vin konnen ki jan Bondye gen pitye pou nou paske jwif yo dezobeyi li. 31Konsa tou, kounyeya jwif yo ap dezobeyi Bondye, paske nou vin konnen ki jan Bondye gen pitye pou nou. Y'ap dezobeyi pou yo menm tou yo ka vin konnen ki jan Bondye gen pitye pou yo. 32Bondye #Gal 3.22; 1 Tim 2.4 mete tout moun anba menm chenn dezobeyisans lan pou l ka gen pitye pou tout moun ansanm.
Ala pouvwa Bondye genyen
33O, #Wòm 9.23; 10.12; Eza 45.15 gade jan Bondye rich non! Bon konprann li, konesans li, nou pa ka sonde yo! Sa depase nou anpil. Ki moun ki ka esplike jijman Bondye? Ki moun ki konprann lide li gen nan tèt li? Jan sa ekri nan Liv la:
34Ki #Eza 40.13; Jòb 15.8; Jer 23.18; 1 Kor 2.16 moun ki konnen sa k'ap pase nan tèt Mèt la?
Ki moun ki ka ba li konsèy?
35Ki moun ki te janm ba li kichòy
nan lide pou Bondye renmèt li sa?
36Se li menm, Bondye, ki fè tout bagay. Se gremesi li tout bagay la. Se pou li tout bagay ye. Lwanj pou Bondye tout tan tout tan! Amèn.

Chwazi Kounye ya:

Women 11: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an