Revelasyon 8:1-13

Revelasyon 8:1-13 HAT98

Lè ti Mouton kase dezyèm sele a, pandan yon demiyè tan, ou pa te tande ankenn bri nan syèl la. Apre sa, mwen wè sèt zanj ki te kanpe devan Bondye. Yo ba yo sèt klewon. Yon lòt zanj vin kanpe toupre lotèl la, li te gen yon lansanswa an lò nan men li. Yo ba l anpil lansan pou l te ofri bay Bondye ansanm ak lapriyè pèp Bondye a, sou lotèl an lò ki te devan fòtèy la. Lafimen lansan li t'ap boule a pran moute nan men zanj ki te devan Bondye a, ansanm ak lapriyè pèp Bondye a. Apre sa, zanj lan pran lansanswa a, li plen l ak dife ki te sou lotèl la, li jete l sou latè. Lè sa a, te gen kout loray, zèklè, divès kalite bri ak tranblemanntè. Sèt zanj ki te gen sèt klewon yo pare kò yo pou yo kònen. Premye zanj lan kònen klewon l lan. Lagrèl, dife mele ak san tonbe sou latè. Yon tyè nan latè ak yon tyè nan pyebwa yo boule ansanm ak tout zèb vèt yo. Apre sa, dezyèm zanj lan kònen klewon l lan. Menm lè a, yo jete yon bagay tankou yon gwo mòn k'ap boule nan lanmè a. Yon tyè dlo lanmè a tounen san. Yon tyè nan tout bèt vivan nan lanmè a mouri. Yon tyè nan batiman ki sou lanmè a peri. Apre sa, twazyèm zanj lan kònen klewon l lan. Yon gwo zetwal ki t'ap boule tankou yon bwa chandèl tonbe sòti nan syèl la. Li tonbe sou yon tyè nan tout larivyè ak sous dlo yo. Yo te rele zetwal sa a: Lapsent. Yon tyè nan tout dlo yo vin anmè kou fyèl. Anpil moun ki te bwè dlo sa a te mouri, paske dlo a te vin anmè. Apre sa, katriyèm zanj lan kònen klewon l lan. Yon tyè nan solèy la, yon tyè nan lalin lan, ak yon tyè nan zetwal yo domaje. Konsa, yo tout yo pèdi yon tyè nan limyè yo konn bay la. Pandan yon tyè lajounen an te fè nwa kou lank. Konsa tou, pandan yon tyè lannwit lan te fè tou nwa. Mwen gade ankò, mwen tande yon gwo malfini ki t'ap vole byen wo nan syèl la. Li t'ap pale byen fò, li t'ap di: — Ala de malè! Sa pral rèd nèt pou moun ki sou latè a, lè kout klewon twa lòt zanj yo va kònen.