Revelasyon 5:5-14

Revelasyon 5:5-14 HAT98

Apre sa, yonn nan granmoun yo di mwen konsa: — Pa kriye. Gade. Men lyon ki soti nan fanmi Jida a, pitit David la, li menm ki te genyen batay la, li kab kase sèt sele yo pou louvri liv la. Mwen wè yon ti Mouton kanpe nan mitan fòtèy la, nan mitan kat bèt vivan yo ak granmoun yo. Ti Mouton an te tankou yon mouton yo te touye deja. Li te gen sèt kòn ak sèt je nan tèt li: se te sèt Lespri Bondye te voye toupatou sou latè. Ti Mouton an pwoche, li pran liv la nan men dwat moun ki te chita sou fòtèy la. Lè li pran liv la, kat bèt vivan yo ansanm ak vennkat granmoun yo tonbe ajenou devan ti Mouton an. Yo chak te gen nan men yo yon gita pou fè mizik ak yon gode fèt an lò ki te plen lansan. Lansan an se lapriyè moun Bondye yo. Yo t'ap chante yon kantik tou nèf ki pati konsa: Wi, ou merite vre, ou kapab pran Liv la pou kase sele yo, paske yo te touye ou. Se konsa ou bay san ou pou achte yon bann moun pou Bondye, moun tout ras, tout lang, tout pèp, tout nasyon. Ou fè yo tounen yon sèl nasyon pou Wa a, yon bann prèt k'ap sèvi Bondye nou an. Se yo ki va gouvènen sou latè a. Mwen gade ankò, mwen tande vwa yon bann zanj. Yo te tèlman anpil, moun pa te kapab konte yo. Yo te kanpe fè wonn kote fòtèy la te ye a, ansanm ak kreyati vivan yo ak granmoun yo. Zanj yo t'ap chante byen fò: Ti Mouton yo te touye a merite vre pou yo ba l pouvwa, richès, bon konprann ak fòs, respè, onè ak lwanj. Apre sa, mwen tande tout kreyati Bondye yo nan syèl la, sou latè, anba tè a, nan lanmè, yo tout yo t'ap chante: Lwanj, respè, pouvwa, otorite pou Moun ki chita sou fòtèy la, ak pou ti Mouton an pou tout tan. Kat kreyati vivan yo t'ap reponn: — Wi, se vre. Granmoun yo menm tonbe ajenou. Yo t'ap adore.

Plan lekti ak devosyon gratis yo ki gen rapò ak Revelasyon 5:5-14