Revelasyon 5

5
Liv la ak ti Mouton an
1Apre sa, mwen wè yon liv nan men dwat #Eza 6.1; 29.11; Sòm 47.8; Rev 4.2; Eze 2.9,10 moun ki te chita sou fòtèy la. Liv la te gen fòm yon woulo papye, li te ekri sou anndan ak sou deyò. Li te sele sèt kote. 2Mwen wè yon zanj ki gen anpil fòs ki t'ap pale byen fò. Li t'ap di:
— Ki moun ki ka kase sele yo pou louvri liv la?
3Men, pat gen pèsonn ni nan syèl la, ni sou tè a, ni anba tè a ki te kapab louvri liv la pou wè sa ki te ladan li. 4Mwen t'ap kriye anpil, paske pat gen pèsonn ki te kapab louvri liv la pou gade sa ki te ladan li. 5Apre #Jen 49.9; Eza 11.1,10; Rev 22.16 sa, yonn nan granmoun yo di mwen konsa:
— Pa kriye. Gade. Men lyon ki soti nan fanmi Jida a, pitit David la, li menm ki te genyen batay la, li kab kase sèt sele yo pou louvri liv la.
6Mwen #Eza 53.7; 11.2; Jan 1.29,36; Rev 4.5; Zak 4.10 wè yon ti Mouton kanpe nan mitan fòtèy la, nan mitan kat bèt vivan yo ak granmoun yo. Ti Mouton an te tankou yon mouton yo te touye deja. Li te gen sèt kòn ak sèt je nan tèt li: se te sèt Lespri Bondye te voye toupatou sou latè. 7Ti #Eza 6.1; Sòm 47.8 Mouton an pwoche, li pran liv la nan men dwat moun ki te chita sou fòtèy la. 8#Sòm 141.2; Rev 14.2; 15.2; 8.3,4 li pran liv la, kat bèt vivan yo ansanm ak vennkat granmoun yo tonbe ajenou devan ti Mouton an. Yo chak te gen nan men yo yon gita pou fè mizik ak yon gode fèt an lò ki te plen lansan. Lansan an se lapriyè moun Bondye yo.
9Yo #Sòm 33.3; 144.9 t'ap chante yon kantik tou nèf ki pati konsa:
Wi, ou merite vre, ou kapab pran Liv la
pou kase sele yo,
paske yo te touye ou.
Se konsa ou bay san ou pou achte yon bann moun pou Bondye,
moun tout ras, tout lang, tout pèp, tout nasyon.
10Ou #Egz 19.6; Eza 61.6; Rev 1.6; 20.6; 22.5 fè yo tounen yon sèl nasyon pou Wa a,
yon bann prèt k'ap sèvi Bondye nou an.
Se yo ki va gouvènen sou latè a.
11Mwen #1 Wa 22.19; Da 7.10 gade ankò, mwen tande vwa yon bann zanj. Yo te tèlman anpil, moun pa te kapab konte yo. Yo te kanpe fè wonn kote fòtèy la te ye a, ansanm ak kreyati vivan yo ak granmoun yo. 12Zanj #Eza 53.7; 1 Kwo 29.11; Fil 2.8-10 yo t'ap chante byen fò:
Ti Mouton yo te touye a merite vre
pou yo ba l pouvwa, richès, bon konprann ak fòs, respè, onè ak lwanj.
13Apre #Eza 6.1; Sòm 47.8 sa, mwen tande tout kreyati Bondye yo nan syèl la, sou latè, anba tè a, nan lanmè, yo tout yo t'ap chante:
Lwanj, respè, pouvwa, otorite
pou Moun ki chita sou fòtèy la,
ak pou ti Mouton an pou tout tan.
14Kat #Rev 4.10; 19.4 kreyati vivan yo t'ap reponn:
— Wi, se vre.
Granmoun yo menm tonbe ajenou. Yo t'ap adore.

Chwazi Kounye ya:

Revelasyon 5: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an