Mwen konnen tou sa w'ap fè. Mwen konnen ou pa ni cho ni frèt. Pito ou te cho osinon ou te frèt. Men, ou tyèd, ou pa cho, ou pa frèt. Mwen pral vonmi ou sòti nan bouch mwen. W'ap plede di: Mwen rich, zafè m ap mache byen. Mwen pa manke anyen. Pòdyab! Konnen ou pa konnen jan ou malere, jan ou nan gwo nesesite, jan ou pòv, toutouni ak tou de je ou yo pete! Se poutèt sa, mwen ta ba ou konsèy achte nan men m bon lò san melanj ki pase nan dife. Konsa ou va rich tout bon. Achte nan men m tou rad blan pou mete sou ou pou moun pa wè jan ou toutouni. Sa se yon wont pou ou. Achte nan men m tou renmèd pou mete nan je ou pou ou ka wè. Moun mwen renmen se yo mwen korije, se yo mwen pini. Mete plis aktivite nan sèvis ou. Tounen vin jwenn Bondye. Koute. Men mwen kanpe la devan pòt la, m'ap frape. Si yon moun tande vwa m, si l louvri pòt la ban mwen, m'a antre lakay li, m'a manje ansanm avè l, l'a manje ansanm avèk mwen. — Tout moun ki goumen jouk yo genyen batay la, m'ap ba yo dwa chita bò kote m lè m'a sou fòtèy mwen an, menm jan mwen menm mwen te goumen jouk mwen te genyen batay la, pou kounyeya mwen chita bò kote Papa m ki chita sou fòtèy li a. — Se pou moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo.
Li Revelasyon 3
Koute Revelasyon 3
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Revelasyon 3:15-22
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo