Revelasyon 22:12-21

Revelasyon 22:12-21 HAT98

Jezi di: — Koute, m'ap vin talè konsa. M'ap pote rekonpans m'ap bay la avè m, pou m bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè. Se mwen menm ki depi A jiska Z. Se mwen menm ki depi premye jiska dènye. Se mwen menm ki konmansman ak finisman. Benediksyon pou moun ki lave rad yo, pou yo sa gendwa manje fwi pyebwa ki bay lavi a, pou yo ka pase antre nan pòtay lavil la. Men, mete nou deyò, bann chen, nou menm moun k'ap fè maji, moun k'ap fè imoralite, ansasen, moun k'ap sèvi zidòl, ansanm ak tout moun ki pa renmen verite a men ki pito bay manti. — Mwen menm Jezi, mwen voye zanj mwen an pou anonse nou bagay sa yo nan legliz yo. Mwen sòti nan ras David. Mwen se bèl zetwal k'ap klere chak maten an. Lespri Bondye a ansanm ak lamarye a di: — Vini non. Se pou tout moun ki tande sa di tou: — Vini non. Se pou tout moun ki swaf dlo vin bwè dlo. Se pou tout moun ki vle ti gout nan dlo ki bay lavi a vin resevwa l gratis. Mwen menm Jan, men sa m'ap di tout moun ki tande pawòl Bondye ki nan liv sa a. Si yon moun mete nan pawòl sa yo anyen ki pat ladan l, Bondye va mete tout kalamite yo pale nan liv sa a sou chatiman li merite a. Konsa tou, si yon moun wete anyen nan pawòl Bondye ki nan liv sa a, Bondye va wete pòsyon ki ta pou li nan pyebwa ki bay lavi a ak nan lavil Bondye a, nan pyebwa ak lavil yo pale nan liv sa a. Moun ki garanti verite tout pawòl sa yo di: — Wi, m'ap vin talè konsa! Amèn. Vini non, Senyè Jezi! Se pou benediksyon Senyè Jezi a rete toujou la ak tout moun.