Revelasyon 21:9-27

Revelasyon 21:9-27 HAT98

Yonn nan sèt zanj ki te kenbe sèt gode plen ak sèt kalamite yo vin di mwen: — Vini non, mwen pral moutre ou lamarye a, fyanse ti Mouton a. Nan vizyon an, mwen wè zanj lan mennen m sou tèt yon mòn byen wo. Li moutre m lavil Bondye a, Jerizalèm ki desann sòti bò kote Bondye ye nan syèl la. Li te klere byen bèl ak limyè prezans Bondye a. Lavil la te klere tankou yon pyè bijou ki koute chè anpil, tankou yon pyè jasp klè kou kristal. Li te gen yon gwo miray byen wo avèk douz pòtay. Te gen yon zanj nan chak pòtay pou veye yo. Sou pòtay yo, yo te ekri non douz branch fanmi pèp Izrayèl la. Te gen twa pòtay sou chak kote: twa pòtay sou bò lès, twa pòtay sou bò nò, twa pòtay sou bò sid, twa pòtay sou bò lwès. Miray la te kanpe sou douz gwo wòch. Yo te ekri non douz apòt ti Mouton an sou wòch yo. Zanj ki t'ap pale avè m lan te gen yon baton pou mezire nan men li, yon baton wozo fèt an lò, pou l te pran mezi lavil la, mezi pòtay yo ak mezi miray la. Lavil la te tankou yon bwat kare, longè l te menm ak lajè li. Zanj lan mezire lavil la ak baton wozo l la. Lavil la gen demildesan (2.200) kilomèt longè. Lajè l ak wotè l te menm ak longè li. Zanj lan mezire miray la: miray la te gen swasanndouz (72) mèt sou wotè, dapre mezi òdinè li t'ap sèvi a. Miray la te bati an jasp. Lavil la menm te an bon lò, li te klere kou kristal. Gwo wòch fondasyon miray lavil la te byen òne ak tout kalite pyè bijou gwo pri. Premye wòch la te an jasp, dezyèm lan an safi, twazyèm lan an agat, katriyèm lan an emwòd, senkyèm lan an oniks, sizyèm lan an sadouàn, setyèm lan an krizolit, uityèm lan an beril, nevyèm lan an topaz, dizyèm lan an krizopraz, onzyèm lan an tikwaz, douzyèm lan an ametis. Douz pòtay yo te douz bèl grenn pèl. Chak pòtay yo te fèt ak yon sèl grenn pèl. Tout lari nan lavil la te fèt an bon lò, klè kou kristal. Mwen pat wè tanp nan lavil la, paske Mèt la, Bondye ki gen tout pouvwa a, te tanp li ansanm ak ti Mouton an. Lavil la pat bezwen ni solèy, ni lalin pou klere l paske limyè prezans Bondye a te klere l nèt, ti Mouton an te tankou yon lanp pou li. Gremesi limyè l la, tout nasyon ki sou latè va wè pou yo mache. Tout wa latè yo va pote richès yo ba li. Pòtay yo va rete louvri tout lajounen. Men, paske la p'ap janm fè nwit, pòtay yo p'ap janm fèmen. Tout richès nasyon yo ansanm ak tout bèl bagay yo genyen va anpile nan lavil la. Men, anyen ki pa bon pou sèvis Bondye p'ap antre nan lavil la. Ni yo p'ap kite moun k'ap fè bagay ki bay degoutans, moun k'ap bay manti, mete pye yo nan lavil la. Moun ki va antre nan lavil la, se sèlman moun ki gen non yo ekri nan liv ki nan men ti Mouton an, liv ki gen non moun ki gen lavi a.