Revelasyon 21:1-8

Revelasyon 21:1-8 HAT98

Apre sa, mwen wè yon lòt syèl ak yon lòt latè. Premye syèl la ak premye latè a te disparèt. Pat gen okenn lanmè ankò. Apre sa, mwen wè lavil Bondye a, lòt Jerizalèm nèf lan, ki t'ap desann sòti bò kote Bondye ye nan syèl la. Li te byen abiye, li te pare tankou yon lamarye ki pral kontre fyanse li. Mwen tande yon vwa ki t'ap sòti bò fòtèy la, li t'ap di byen fò: — Kounyeya, kay Bondye a se nan mitan moun l'ap ye. L'ap rete nan mitan yo, lèzòm ap yon pèp pou li. Se Bondye menm k'ap viv avèk yo, li va Bondye pou yo. Li gen pou l cheche tout dlo nan je yo. P'ap gen lanmò ankò, yo p'ap nan lapenn ankò, yo p'ap janm plenyen ankò, yo p'ap janm soufri ankò. Tout vye bagay sa yo pral disparèt. Lè sa a, moun ki te chita sou fòtèy la di: — Kounyeya, mwen fè tout bagay vin nèf. Apre sa li di mwen: — Ou mèt ekri sa, paske pawòl mwen se pawòl ki vre, pawòl tout moun dwe kwè. Apre sa li di yo ankò: — Bon, tout bagay kaba. Mwen se A jiska Z. Mwen se konmansman, mwen se finisman. Si yon moun swaf, m'a ba li bwè gratis nan sous dlo ki bay lavi a. Se sa moun ki va genyen batay la va resevwa nan men m. M'a va Bondye yo, y'a va pitit mwen. Men, pou moun ki lach yo, moun ki pa kenbe pawòl yo, ansasen yo, bann moun deprave yo, moun k'ap fè maji yo, moun k'ap adore zidòl ansanm ak moun k'ap bay manti, plas yo se nan letan dife ak souf k'ap boule a yo ye. Se sa yo rele dezyèm lanmò a.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an