Revelasyon 20:1-9

Revelasyon 20:1-9 HAT98

Apre sa, mwen wè yon zanj desann soti nan syèl la. Li te kenbe kle gwo twou san fon an nan men li ak yon gwo chenn. Li pran dragon an, sèpan ki la depi lontan an, sa yo rele dyab la, osinon Satan, li mete l nan chenn pou mil (1.000) an. Zanj lan voye l jete nan gwo twou san fon an, li fèmen twou a akle, epi li poze sele sou li. Konsa, dragon an p'ap kapab pran tèt nasyon yo toutotan mil (1.000) lanne pa fin pase. Apre sa, yo gen pou yo lage l ankò pou yon ti tan. Lè sa a, mwen wè yon bann fòtèy. Moun ki te chita sou fòtèy yo te resevwa pouvwa rann jijman. Anmenmtan an tou, mwen wè nanm moun yo te koupe tèt yo paske yo t'ap bay verite Jezi te fè nou konnen an ansanm ak pawòl Bondye a. Moun sa yo te refize adore ni bèt la, ni estati l la. Yo pat resevwa mak bèt la sou fwon yo ni sou men yo. Yo leve sòti vivan nan lanmò. Y'ap gouvènen avèk Kris la pandan mil (1.000) an. (Lòt mò yo pa te resisite nan lanmò toutotan milan an pa te ankò pase.) Se sa yo rele premye rezireksyon an. Benediksyon pou moun k'ap patisipe nan premye rezireksyon sa a! Yo se moun Bondye vre. Dezyèm lanmò a p'ap gen pouvwa sou yo, yo pral sèvi Bondye ak Kris la tankou prèt. Yo pral gouvènen ak li pandan milan. Lè mil (1.000) lanne yo va fin pase, y'a lage Satan sòti nan prizon an. Lè sa a, l'a mache twonpe tout nasyon toupatou sou latè, Gòg ak Magòg. L'a sanble yo pou l ka mennen yo goumen. Y'ap anpil anpil, tankou grenn sab bò lanmè. Yo mache sou tout latè, yo sènen kote pèp Bondye a te ye a, lavil Bondye renmen an. Men, dife desann sòti nan syèl la, li disparèt yo.