Revelasyon 2:1-29

Revelasyon 2:1-29 HAT98

Ekri zanj legliz ki nan lavil Efèz la. Di l konsa: — Moun ki kenbe sèt zetwal yo nan men dwat li a, moun k'ap mache nan mitan sèt gwo lanp sèt branch lò yo, men sa li voye di ou: Mwen konnen tou sa w'ap fè, jan ou travay di, jan ou gen pasyans. Mwen konnen tou ou pa ka sipòte mechan yo: ou sonde tout moun sa yo k'ap pran pòz apòt yo. Ou dekouvri se mantò yo ye. Ou gen anpil pasyans, ou soufri anpil poutèt mwen. Ou pa dekouraje. Men, men repwòch mwen gen pou m fè ou: Kounyeya ou pa renmen m jan ou te renmen m anvan an. Chonje kote ou te ye anvan ou tonbe a, tounen vin jwenn Bondye. Reprann lavi ou t'ap mennen anvan an. Si ou pa tounen vin jwenn Bondye, m'ap vini kote ou ye a, m'ap wete chandelye ou la nan plas kote l ye a. Men, malgre sa, ou gen kichòy ki bon: ou pa vle wè sa bann Nikolayit yo ap fè a. Mwen menm tou, mwen pa vle wè yo. — Se pou moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo! — Tout moun ki va goumen jouk yo genyen batay la, m'ap ba yo dwa pou yo manje nan pyebwa ki bay lavi a, pyebwa ki nan mitan jaden Bondye a. Ekri zanj legliz ki nan lavil Esmin lan. Di l konsa: — Moun ki premye a ak dènye a, li menm ki te mouri, men ki te leve sòti vivan nan lanmò a, men sa l voye di ou: Mwen konnen jan w'ap soufri. Mwen konnen jan ou pòv. Men poudi vre, ou rich anpil. Mwen konnen jan moun ki swadizan jwif yo ap pale ou mal. Men se pa jwif yo ye vre. Se yon bann moun satan ki rasanble. Ou pa bezwen pè pou sa ou pral soufri ankò. Koute, Satan pral chache sonde nou tout, li pral jete anpil nan nou nan prizon. Nou pral soufri pandan dis jou. Men, kenbe fèm menm si nou gen pou n mouri. M'a ban nou lavi pou rekonpans. — Se pou moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo. — Moun ki va goumen jouk yo genyen batay la p'ap soufri dezyèm lanmò a. Ekri zanj legliz ki nan lavil Pègam lan. Di l konsa: — Men sa moun ki gen nepe file de bò a voye di ou: Mwen konnen kote ou rete a se la Satan chita. Ou pa lage m, ou pa pèdi konfyans ou gen nan mwen an, menm lè yo te fè touye Antipas ki mouri poutèt mwen la nan mitan nou, nan lavil kote Satan rete a. Men, men repwòch mwen gen pou m fè ou: ou gen kèk moun lakay ou k'ap swiv konsèy Balaram te bay lè li te moutre Balak sa pou l te fè pou fè pitit Izrayèl yo tonbe nan peche, pou l te fè yo manje vyann bèt yo te ofri pou touye bay zidòl, pou l te fè yo lage kò yo nan imoralite. Konsa tou, ou gen kèk moun lakay ou k'ap swiv konsèy Nikolayit yo. Tounen vin jwenn Bondye non. Si ou pa fè sa, talè konsa m'ap vini, m'ap goumen ak moun sa yo ak nepe k'ap sòti nan bouch mwen an. — Se pou moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo. — Tout moun ki va goumen jouk yo genyen batay la, m'a ba yo lamàn ki kache a. M'ap ba yo chak yon ti wòch blan ak yon lòt non ekri sou li, yon non pèsonn pa konnen esèpte moun ki resevwa l la. Ekri zanj legliz ki nan lavil Tiyati a. Di l konsa: — Men sa pitit Bondye a voye di ou, li menm ki gen je l yo tankou de flanm dife, ak pye l yo klere tankou kwiv poli. Mwen konnen tou sa w'ap fè. Mwen konnen jan ou gen renmen nan kè ou, jan ou gen konfyans, jan ou fè sèvis ou byen, ak jan ou gen anpil pasyans. Mwen konnen tou w'ap travay kounyeya pi plis pase anvan. Men, men repwòch mwen gen pou m fè ou: w'ap tolere fanm yo rele Jezabèl la k'ap pran pòz pwofèt Bondye li. L'ap detounen sèvitè m yo, l'ap moutre yo pou yo lage kò yo nan imoralite, pou yo manje vyann bèt yo te ofri pou touye bay zidòl. Mwen ba l kont tan pou l vire kite peche l yo. Men, li pa vle kite imoralite li a. Se poutèt sa, mwen pral fè li pran kabann kote li pral soufri anpil. Tout moun ki nan adiltè ak li yo pral soufri anpil tou si yo pa vire do kite zak y'ap plede fè avèk li yo. Apre sa, m'ap fè tout pitit li yo mouri. Konsa, tout legliz yo va konnen mwen se moun ki konnen tout lide lèzòm ap fè nan tèt yo ak tout santiman yo gen nan kè yo. M'ap bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè. — Pou nou menm, lòt manm legliz nan lavil Tiyati yo ki pa swiv move konsèy sa yo, ki pat aprann sa bann moun sa yo ap rele gwo sekrè Satan an, men sa m'ap di nou: Mwen p'ap ban nou lòt chay pase sa. Men, kenbe sa nou genyen an byen fèm jouk jou m'a tounen. — Tout moun ki va goumen jouk yo genyen batay la, epi ki va toujou ap fè sa m vle yo fè a jouk sa kaba, m'a ba yo pouvwa sou tout nasyon, menm jan Papa m te ban m pouvwa sa a tou. Y'a gouvènen nasyon yo ak yon baton fè, y'a kraze yo an miyèt moso tankou yon kannari yo kraze. M'a ba yo bèl zetwal ki klere chak maten an tou. — Se pou moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an