Revelasyon 19:11-21

Revelasyon 19:11-21 HAT98

Apre sa, mwen wè syèl la louvri, epi o! yon chwal blan parèt. Yo te rele moun ki sou li a: Nonm serye ki pa nan bay manti. L'ap jije, l'ap mennen batay la jan sa dwe fèt. Je l yo klere tankou flanm dife. Li te gen yon bann kouwòn sou tèt li. Li te gen yon non ekri. Se li menm sèl ki te konnen non sa a, pèsonn dòt pat konnen li. Li te gen yon rad benyen nan san. Yo rele l pawòl Bondye. Lame ki nan syèl la t'ap swiv li. Yo tout te moute sou chwal blan, yo te abiye ak bèl rad twal fen, byen klere, byen pwòp. Yon nepe byen file t'ap sòti nan bouch kavalye a. Se ak nepe sa a li t'ap frape nasyon yo. Li t'ap mennen yo ak yon baton fè. Li t'ap kraze rezen yo nan moulen diven gwo kòlè Bondye ki gen tout pouvwa a. Sou rad li ak sou janm li, yo te ekri non sa a: Wadèwa, Chèf tout chèf. Apre sa, mwen wè yon zanj kanpe nan solèy la. Li t'ap pale ak tout zwazo k'ap vole nan syèl la, li t'ap di yo byen fò: — Vini. Nou tout, sanble pou gwo manje resèpsyon Bondye a. Vin manje vyann wa yo ak vyann jeneral yo, vyann sòlda yo, vyann chwal yo ansanm ak vyann kavalye yo, vyann tout moun, esklav kou lib, piti kou gran. Apre sa, mwen wè bèt la ansanm ak wa latè yo ak tout lame pa yo. Yo te sanble pou yo te ka goumen kont moun ki te moute sou chwal la ak tout lame pa l la. Yo fè bèt la prizonye ansanm ak fo pwofèt ki te fè anpil mirak devan l lan. Se avèk mirak sa yo li te rive twonpe moun ki te resevwa mak bèt la, ki t'ap adore estati l la. Yo jete bèt la ak fo pwofèt la tou vivan nan gwo letan dife kote y'ap boule souf la. Nepe ki t'ap sòti nan bouch moun ki te moute sou chwal la te touye tout lòt yo. Tout zwazo yo te manje vyann plen vant yo.