Revelasyon 17:1-18

Revelasyon 17:1-18 HAT98

Lè sa a, yonn nan sèt zanj ki te kenbe sèt gode yo vin di mwen: — Vini non. Mwen pral fè ou wè ki jan yo pral pini gwo jennès la, gwo lavil ki bati nan mitan gwo dlo yo. Wa latè yo lage kò yo nan dezòd avè l: Tout moun ki rete sou latè te sou ak diven movèz vi li a. Nan vizyon an, mwen wè zanj lan pote m ale nan yon dezè. La, mwen wè yon fanm ki te chita sou yon bèt tou wouj. Bèt la te gen sèt tèt ak dis kòn. Tout kò l te kouvri ak mo ki te jouman pou Bondye. Fanm lan te gen rad swa mov ak wouj sou li. Li te chaje ak bijou lò, ak pyè tout koulè ansanm ak bèl grenn pèl. Li te kenbe nan men li yon gode lò ki te plen ak madichon ansanm ak vye bagay sal lavi jennès li a. Te gen yon non ekri sou fwon li ki te gen yon sans kache: Gwo Babilòn, manman jennès yo ansanm ak tout bagay sal k'ap fèt sou latè. Mwen wè fanm lan te sou tèlman li te bwè san moun k'ap sèvi Bondye yo ak san tout moun yo te touye paske yo te pran pozisyon pou Jezi. Lè m wè l, mwen te sezi anpil. Men, zanj lan di mwen: — Poukisa ou sezi konsa? Mwen pral ba ou yon sekrè, mwen pral fè ou konnen ki sans pou ou bay fanm lan ansanm ak bèt k'ap pòte l la, bèt ki gen sèt tèt ak dis kòn lan. Bèt ou wè a te vivan yon lè. Kounyeya li pa vivan ankò. Li gen pou l moute sòti nan gwo twou san fon an, apre sa pou l'al mouri nèt. Moun ki rete sou latè ki pat gen non yo ekri depi lè Bondye t'ap kreye tout bagay nan liv ki gen non moun ki gen lavi a, yo pral sezi anpil lè y'a wè bèt la. Paske li te vivan nan tan lontan, kounyeya li pa la, men li gen pou l parèt ankò. Se kounyeya pou moun fè wè yo gen lespri ak bon konprann. Sèt tèt yo, se sèt ti mòn kote fanm lan chita a. Se sèt wa tou yo ye. Senk ladan yo gentan tonbe, yonn ap gouvènen kounyeya, dènye a poko vini. Lè la vini, li p'ap la pou lontan. Bèt la menm ki te vivan nan tan lontan men ki pa la kounyeya, se yon uityèm wa. Li fè yonn ak sèt premye yo, li pral fin pèdi tèt li nèt. Dis kòn ou wè yo, se dis lòt wa ki poko konmanse gouvènen. Men, y'ap resevwa pouvwa pou yo gouvènen tankou wa pandan yon ti tan ansanm ak bèt la. Yo toulèdis gen menm lide nan tèt yo, y'ap renmèt pouvwa yo ak otorite yo bay bèt la. Y'a goumen kont ti Mouton an. Men, ti Mouton an va kraze yo, paske li Chèf tout chèf, li Wa tout wa. Li va kraze yo avèk moun pa l yo, moun Bondye te rele, moun li te chwazi, moun ki kenbe fèm ak li. Zanj lan di m ankò: — Ou te wè jennès la chita nan mitan anpil gwo dlo. Dlo sa yo se pèp, se foul moun, yon bann nasyon ki pale tout lang. Dis kòn ou te wè ansanm ak bèt la, yo pral rayi fanm movèz vi a: y'a pran tou sa l genyen, y'a kite l toutouni, y'a manje vyann li, y'a boule l nan dife. Bondye mete nan kè yo lide pou yo fè sa li menm li vle, pou yo tout tonbe dakò fè menm bagay, pou yo renmèt pouvwa yo kòm wa nan men bèt la, jouk tan pawòl Bondye yo va rive vre. Pou fini, fanm ou te wè a, se gwo lavil k'ap donminen sou tout wa ki sou latè yo.