Revelasyon 15

15
Sèt zanj yo ak sèt dènye kalamite yo
1Apre sa, mwen wè yon lòt siy nan syèl #Lev 26.21; Rev 6.17; 12.1; 11.18 la, yon gwo siy ki pou fè moun sezi: sèt zanj ki te kenbe sèt kalamite. Se te sèt dènye kalamite yo. Apre yo, Bondye ap sispann fè kòlè.
2Apre #Rev 4.6; 13.15; 5.8 sa, mwen wè yon bagay ki te tankou yon lanmè fèt an kristal mele ak dife. Mwen wè tou moun ki te genyen nan batay yo t'ap mennen kont bèt la, kont estati l la, kont moun ki gen yon nimewo ki koresponn ak non l lan. Yo tout yo te kanpe bò lanmè kristal la, yo te gen nan men yo gita Bondye te ba yo a. 3Yo #Det 32.4; Joz 14.7; Egz 15.1,11; 34.10; Sòm 111.2; 139.14; 145.17; Jer 10.6,7; Jer 10.6,7; Rev 5.9 t'ap chante chante Moyiz, sèvitè Bondye a, ansanm ak chante ti Mouton an.
Bondye, Mèt ki gen tout pouvwa,
tou sa ou fè, se bèl bagay!
Ou menm ki wa tout nasyon, #15.3: wa tout nasyon: Gen maniskri ki bay wa pou tout tan.
plan travay ou yo dwat, se verite yo ye.
4Ki #Sòm 86.9; Mal 1.11 moun ki pa ta gen krentif pou ou, Mèt?
Ki moun ki pou ta refize fè lwanj ou?
Se ou menm sèl ki sen.
Tout nasyon yo gen pou vini
pou yo bese tèt yo devan ou, pou yo adore ou.
Paske, yo wè aklè sa ou fè se bagay ki dwat.
5Apre #Egz 40.34; Rev 11.19 sa, mwen wè kote ki apa pou Bondye nan tanp ki nan syèl la louvri. 6Sèt #Lev 26.21; Eze 28.13 zanj ki te kenbe sèt kalamite yo sòti nan tanp la. Yo te abiye ak yon bèl twal blan byen fen ki te klere anpil. Yo te gen sentiwon an lò mare sou lestonmak yo. 7Yonn #Rev 4.6-8; 14.10 nan kat kreyati vivan yo bay sèt zanj yo sèt gode lò tou plen ak kòlè Bondye ki vivan pou tout tan an. 8Lafimen #1 Wa 8.10; Eza 6.4; Eze 44.4 ki t'ap sòti nan gwo limyè prezans ak nan pouvwa Bondye a te plen tanp lan nèt. Pèsonn pat kapab antre nan tanp lan toutotan sèt kalamite ki te nan men zanj yo pat ankò pase.

Chwazi Kounye ya:

Revelasyon 15: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte