Revelasyon 12:1-17

Revelasyon 12:1-17 HAT98

Yon gwo siy parèt nan syèl la: se te yon fanm ki te vlope nan solèy la tankou nan yon rad. Lalin lan te anba pye li. Li te gen douz zetwal kouwonnen tèt li. Li te prèt pou l te akouche: soufrans ak doulè tranche t'ap fè l rele. Yon lòt siy te parèt nan syèl la tou: se te yon gwo dragon wouj. Li te gen sèt tèt ak dis kòn, ak yon kouwòn sou chak tèt li yo. Sou chak twa zetwal ki nan syèl la, li pran yonn li rache l ak ke l, li voye l jete sou latè. Li te kanpe la devan fanm ki ta pral akouche a, pou l te ka devore ti pitit la kou l fèt. Fanm lan fè yon ti pitit gason ki gen pou gouvènen tout nasyon yo ak yon baton fè. Men, yo pran ti pitit la, yo mennen l bò kote Bondye, bò kote fòtèy la. Fanm lan menm kouri ale nan dezè a, kote Bondye te pare yon plas pou yo te ba l manje pandan mildesanswasant (1.260) jou. Lè sa a, yon sèl batay pete nan syèl la: Michèl ak zanj li yo pran goumen ak dragon an. Dragon an menm te gen zanj pa l yo avè l pou goumen ak Michèl. Men, dragon an pèdi batay la, yo pa ba l dwa rete nan syèl la ankò, ni li menm, ni zanj li yo. Yo jete gwo dragon an deyò. Se li menm, sèpan ki la depi lontan an, li menm yo rele dyab la osinon Satan, k'ap plede twonpe tout moun. Yo voye l jete sou latè ansanm ak tout zanj li yo. Apre sa, mwen tande yon gwo vwa nan syèl la ki t'ap di: — Kounyeya, Bondye pral vin delivre nou. Kounyeya Bondye fè wè li gen pouvwa, se li ki sèl Mèt! Kounyeya, Kris li a fè wè otorite li. Paske, moun ki t'ap plede akize frè nou yo, moun ki te kanpe la devan Bondye, lajounen kou lannwit, ap pote plent pou yo a, yo mete l deyò nan syèl la. Frè nou yo goumen ak li jouk yo gen batay la, gremesi san ti Mouton an ki te koule ak verite yo t'ap pibliye a: yo pat renmen lavi yo jouk pou yo ta pè lanmò. Se poutèt sa, fè kè n kontan, nou menm syèl ak tout moun ki rete nan syèl la. Men, malè pou latè ak lanmè, paske Satan desann sou nou. Li move anpil, paske li konnen pa rete l anpil tan ankò. Lè dragon an wè se tout bon yo te jete l sou latè, li pran kouri dèyè fanm ki te fè pitit gason an. Men, yo bay fanm lan de gwo zèl malfini pou l te ka vole ale nan plas li nan dezè a, byen lwen sèpan an. Se la yo ba l manje pandan twazan sis mwa. Lè sa a, sèpan an louvri bouch li, li konmanse vonmi dlo. Dlo a fè yon gwo larivyè ki kouri dèyè fanm lan pou pote l ale. Men, latè vin bay fanm lan konkou, li louvri bouch li, li vale tout dlo ki t'ap sòti nan bouch dragon an. Se pa ti move dragon an te move sou fanm lan. L'al goumen avèk lòt pitit fanm lan, sa vle di ak tout moun k'ap obeyi kòmandman Bondye yo, k'ap kenbe fèm nan verite Jezi te fè nou konnen an.