Revelasyon 11:1-19

Revelasyon 11:1-19 HAT98

Apre sa, yo ban m yon baton wozo ki sèvi pou pran mezi. Yo di mwen konsa: — Leve. Ale pran mezi kay Bondye a ansanm ak lotèl la. Konte konbe moun k'ap adore nan tanp lan. Men, pa okipe gwo lakou ki dèyè tanp lan, pa mezire li. Paske se pou etranje yo li ye, yo menm ki gen pou foule lavil Bondye a anba pye yo pandan karannde mwa. M'ap voye de temwen mwen yo ak rad dèy yo sou yo pou yo pibliye mesaj Bondye a pandan mildesanswasant jou. De temwen yo se de pye oliv ak de lanp ki kanpe la devan Mèt tout latè a. Si yon moun chache fè yo mal, dife ap sòti nan bouch yo, l'ap detwi tout lènmi yo. Se konsa moun k'ap chache fè yo mal gen pou mouri. Yo gen pouvwa fèmen syèl la pou okenn lapli pa tonbe lè y'ap fè konnen mesay Bondye a. Yo gen pouvwa tou pou yo fè dlo tounen san. Yo gen pouvwa pou yo fè tout kalite kalamite tonbe sou latè, kantite fwa y'a vle li. Lè y'a fin di sa yo gen pou di a, bèt ki sòti nan gwo twou san fon an va mare batay ak yo. L'a kraze yo, l'a touye yo. Kadav yo va rete nan mitan lari gwo lavil la, kote yo te kloure Senyè a sou kwa a. Lè sa a, y'a chanje non lavil la. Y'a rele l Sodòm osinon Lejip. Moun tout kalite ras ki sòti nan tout peyi ak nan tout nasyon ki pale tout lang, va rete la ap gade kadav yo pandan twa jou ak yon demi jounen. Yo p'ap kite moun antere yo. Tout moun ki rete sou latè pral kontan lè y'a tande de mesye yo mouri. Y'a fè fèt, y'a voye kado yonn bay lòt, paske se pa ti toumante de pwofèt sa yo pat toumante moun ki rete sou latè. Nan mitan katriyèm jou a, Bondye te soufle sou yo pou l ba yo lavi. Souf Bondye a antre nan yo: yo leve vivan ankò. Tout moun ki te wè yo te pè anpil. Lè sa a, de pwofèt yo tande yon vwa sòti nan syèl la ki t'ap pale byen fò ak yo, li t'ap di yo: — Moute bò isit. Yo moute nan syèl la sou yon nyaj devan tout lènmi ki t'ap gade yo. Menm lè a, yon gwo tranblemanntè fèt. Yon kay sou chak dis kay nan lavil la tonbe kraze. Sètmil (7.000) moun mouri nan tranblemanntè sa a. Lòt moun yo menm te pè anpil, yo t'ap fè lwanj Bondye ki nan syèl la. Konsa, dezyèm malè a te pase! Men, atansyon, twazyèm lan pral vini talè konsa. Apre sa, setyèm zanj lan kònen klewon l lan. Mwen tande vwa yon bann moun ki t'ap pale byen fò nan syèl la. Yo t'ap di: — Pouvwa pou gouvènen sou latè a, kounyeya se nan men Mèt nou an ak nan men Kris li a sa ye. L'ap gouvènen pou tout tan. Vennkat granmoun yo ki te chita sou fòtèy yo devan Bondye tonbe atè, fwon yo touche tè, yo adore Bondye. Yo t'ap di: O Mèt, Bondye ki gen tout pouvwa, ou menm ki la epi ki te toujou la, n'ap di ou mèsi dèske ou sèvi ak gwo pouvwa ou la, pou ou pran gouvènman an nan men ou. Nasyon yo te move anpil, paske lè a rive, ou pral fè wè kòlè ou. Tout moun mouri yo pral pase anba jijman. Lè a rive, ou pral bay pwofèt yo, sèvitè ou yo, rekonpans yo, ansanm ak tout moun ki pou ou yo epi ki gen krentif pou ou, piti kou gran. Wi, lè a rive pou ou detwi moun k'ap detwi latè a! Lè sa a, pòt tanp Bondye nan syèl la louvri byen gran. Yo te ka wè bwat ki te gen kontra Bondye a anndan tanp lan. Zèklè pran klere, kout loray pran gwonde, moun tande tout kalite bri. Tè a tranble, lagrèl t'ap tonbe an kantite.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an