M vire pou m wè ki moun ki t'ap pale avè m lan. Lè sa a, mwen wè sèt gwo lanp sèt branch an lò kanpe, ak nan mitan yo yon moun ki te sanble ak yon gason. Li te gen yon gwo rad sou li byen long ki te bat jouk sou pye l, ak yon sentiwon an lò mare sou lestonmak li. Cheve nan tèt li te tankou lenn mouton, blan kou koton. Je l yo menm te tankou de flanm dife. Pye l yo te klere tankou kwiv yo poli apre yo fin chofe l nan fòj. Lè l pale menm, vwa l te tankou bri gwo dlo k'ap sot tonbe nan yon falèz. Li te gen sèt zetwal nan men dwat li ak yon nepe file de bò k'ap sòti nan bouch li. Figi l menm te klere tankou gwo solèy midi.
Li Revelasyon 1
Koute Revelasyon 1
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Revelasyon 1:12-16
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo